Skip to content

Federal housing law

0921 Publ 5549 (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5549ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


Gid Itilizatè pou IRS: Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun

Gid itilizatè sa a gen ladan enfòmasyon k ape de ou:

  • Konnen kisa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ye

  • Verifye kalifikasyon ou pou Kredi Enpo pou Timoun nan

  • Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou:

o Verifye si ou enskri pou ou resevwa peman avans yo

o Anile enskripsyon nan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

o Aktyalize oswa bay enfòmasyon kont labank ou pou depo dirèk

o Gade estati pèman ou yo

o Aktyalize oswa bay yon adrès bwat postal

Exceptions & meaning →

Septanm 2021

Publication 5549 (ht) (Rev. 9-2021) Catalog Number 57880A Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

Lwa Plan Sovtaj Aeriken an te elaji Kredi Enpo pou Timoun nan pou plis moun kalifye, kredi a vin plis epi konplètman ranbousab, epi gen moun ki kapab jwenn yon pati nan kredi an avans. Gid itilizatè sa a genyen enfòmasyon debaz ak resous pou ede moun yo konnen peman sa yo epi itilize zouti IRS yo pou jere yo.

Kèk pwen enpòtan pou ou sonje:

  • IRS.gov se resous ofisyèl pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. IRS la te kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki la pou li bay tout dènye enfòmasyon konsènan kredi a ak peman avans yo. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou zouti ki gen rapò ak Kredi Enpo pou Timoun nan sou paj wèb sa a.

  • Moun ki pa konn fè yon deklarasyon enpo ka kalifye pou peman sa yo. Yo kapab itilize

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran yo ki sou IRS.gov pou yo enskri. Piblikasyon 5538, Yon Gid Eta pap Etap pou Sèvi avèk Zouti Enskripsyon Non-Deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun ak Pèman Enpak Ekonomik yo (an anglè), bay enstriksyon ki itil ak enfòmasyon moun yo kapab itilize pandan y ap gade Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Moun yo ka kalifye tou pou Peman Enpak Ekonomik yo ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an – sa ki ajoute sou plizyè milye dola pou yon fanmi. Piblikasyon 5538 disponib tou an Panyòl, Chinwa – senplifye, Koreyen, Vyetnamyen, Ris ak Kreyòl Ayisyen.

Non-deklaran yo ta dwe tann pou yo itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan jiskaske yo enskri atravè Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an epi detèminen si yo kalifye pou peman yo. Depi yo fin enskri, non-deklaran yo kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou jere peman yo ofiramezi y ap ajoute nouvo fonksyonalite nan pòtal la.

  • Veye anak. IRS la pa kontakte moun pa mesaj imèl, mesaj tèks oswa medya sosyal yo pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè. Moun yo ta dwe veye tanta sit entènèt ak medya sosyal yo k ap mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl ak konplo pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, Peman Enpak Ekonomik yo oswa lòt sijè fiskal. Siyale anak sa yo bay IRS la.

2 | Septanm 2021

Exceptions & meaning →

Nan gid sa a…

Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an

Kisa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ye? Paj 4

Kiyès ki kalifye? Paj 4

Kiyès ki yon timoun kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an? Paj 4

Kòman peman yo kalkile? Paj 5

Kilè ak ki kote y ap resevwa peman yo? Paj 5

E si mwen pa vle peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo oswa e si mwen pa kalifye? Paj 6

Exceptions & meaning →

Resous ki Itil Paj 6 Tablo: Ki Zouti Anliy Mwen Ta Dwe Itilize? Paj 7 Lè ou itilize…

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan Paj 8

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan Paj 9

Konekte epi verifye idantite ou Paj 10 Dezenskripsyon Paj 12 Jere enfòmasyon depo dirèk Paj 16 Verifye estati peman ou Paj 20 Ajoute oswa aktyalize adrès bwat postal ou Paj 22

Kontinye pou w verifye IRS.gov pou aktyalizasyon yo Paj 26

Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an

Gen chanjman enpòtan ki fèt nan Kredi Enpo pou Timoun nan k ap ede anpil fanmi resevwa peman avans yo soti jiyè rive desanm 2021.

Kisa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ye? Peman Avans Kred Enpo pou Timoun yo se peman 50 pousan montan kalkile Kredi Enpo pou Timoun nan IRS la fè bonè ou gen dwa pou ou reklame nan deklarasyon enpo 2021 w lan pandan sezon deklarasyon enpo 2022 an. Peman mansyèl sa yo te kòmanse an jiyè epi y ap kontinye jiska desanm 2021.

Kiyès ki kalifye? Ou kalifye pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo si ou genyen yon timoun kalifye.

Epi tou, oumenm — oswa konjwen w lan, si n ap fè yon deklarasyon enpo antanke marye — dwe genyen rezidans prensipal nou nan yonn nan 50 eta yo oswa distrik Columbia pandan plis pase mwatye ane a.

Ou pa bezwen genyen revni, yon travay oswa yon adrès pèmanan pou ou kalifye pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

Rezidans prensipal ou a kapab nenpòt kote ou abitye rete. Rezidans prensipal ou a kapab kay ou, apatman, kay mobil, refij, lojman tanporè, oswa lòt kote epi li pa bezwen menm kote fizik la pandan ane taksab la. Si ou pa nan rezidans prensipal ou pandan yon moman akoz maladi, edikasyon, biznis, vakans, oswa sèvis militè, jeneralman, yo trete ou tankou ou te nan rezidans prensipal ou an.

Kiyès ki yon timoun kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an? Pou ane fiskal 2021 an, yon timoun kalifye se yon moun ki pa gen 18 lane anvan 1ye janvye 2022, epi ki ranpli kondisyon annapre yo:

  1. Moun nan se pitit gason kontribyab la, pitit fi li, bofis oswa bèlfi li, timoun adoptif kalifye li, frè li, sè li, bofrè li, bèlsè li, demi-frè li, demi-sè li oswa yon desandan nenpòt nan yo (parekzanp, pitit yon pitit, nyès, oswa neve).

  2. Moun nan pa bay plis pase yonn ak mwatye nan pwòp sipò li pandan 2021 an.

  3. Moun nan ap viv ak kontribyab la pandan plis pase yonn nan mwatye ane fiskal 2021 an.

  4. Moun nan deklare kòmsadwa antanke depandan kontribyab la.

  5. Moun nan pa fè yon deklarasyon konjwen avèk konjwen moun nan pou ane fiskal 2021 an oswa li fè deklarasyon an pou li reklame yon ranbousman pou yon enpo sou revni yo te kenbe oswa enpo kalkile ki peye sèlman.

  6. Moun nan te yon sitwayen ameriken, li gen nasyonalite amerikèn oswa li se yon etranje rezidan ozetazini.

Plis detay sou kalifikasyon an disponib nan Kesyon yo Poze Souvan (an anglè) sou Kredi Enpo pou Timoun nan ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

pou Timoun 2021 an

4 | Septanm 2021

Kòman peman yo kalkile?

Avans peman yo kalkile epi peye otomatikman dapre kalkil montan Kredi Enpo pou Timoun yon moun pral reklame nan deklarasyon enpo 2020 li an pandan sezon deklarasyon enpo 2022 a.

Nou kalkile Kredi Enpo pou Timoun 2021 w lan dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo 2020 w lan ki trete a. Si nou poko trete deklarasyon enpo 2020 w lan lè n ap detèminen montan peman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, n ap itilize enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo 2019 ou a oswa enfòmasyon ou te antre nan zouti Non-Deklaran sou IRS.gov la nan 2020 an. Depi nou fin trete deklarasyon 2020 w lan, n ap rekalkile peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo epi ajiste tout peman mansyèl ki rete yo.

Kontribyab kalifye ki pa vle resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an kapab refize resevwa peman avans yo pandan y ap itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou dezenskri nan peman yo, jan sa presize nan gid itilizatè sa a.

For tax year 2021, qualifying families claiming the Child Tax Credit will receive:

  • Jiska $3, 000 pa timoun kalifye ki genyen ant laj 6 ak 17 lane nan fen 2021 an

  • Jiska $3, 600 pa timoun kalifye ki genyen mwens pase 6 lane nan fen 2021 an

Total peman avans yo ap vale jiska 50 pousan Kredi Enpo pou Timoun nan.

Sa vle di fanmi kalifye yo kapab resevwa peman avans jiska $300 pa mwa pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane epi jiska $250 pa mwa pou chak timoun ki genyen 6 lane ak plis. Kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki gen yon revni brit ajiste ki modifye ki gen valè:

  • $75,000 oswa pi piti pou deklaran selibatè y oak moun marye k ap fè deklarasyon separe yo,

  • $112,500 oswa pi piti pou chef fwaye yo, epi

  • $150,000 oswa pi piti pou koup ki marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf vèv ki kalifye yo.

Depase montan sa yo, Kredi Enpo pou Timoun nan ap diminye nan de (2) etap diferan dapre revni brit ajiste a (AGI) nan 2021. Pou plis detay sou kalkil peman yo ak diminisyon yo, konsilte FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo:

Kilè ak ki kote y ap resevwa peman yo? Peman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 yo ap fèt chak mwa apati 15 jiyè rive 15 desanm pou kontribyab kalifye ki genyen yon rezidans prensipal ozetazini pandan plis pase mwatye ane a.

IRS la ap fè peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan dat 15 jiyè, 13 dawou, 15 sektanm, 15 oktòb, 15 novanm, ak 15 desanm. Si IRS la te resevwa enfòmasyon kont labank ou, l ap fè peman pa w la pa depo dirèk.

5 | Septanm 2021

N ap itilize enfòmasyon kont labank ou apati sous annapre yo, nan lòd annapre a:

o Deklarasyon enpo 2020 w lan.

o Deklarasyon enpo 2019 ou a, ansanm avèk enfòmasyon ou te antre nan zouti Non Deklaran an sou IRS.gov la an 2020.

o Enfòmasyon ou te antre sou Jwenn Peman Mwen an 2020

o Yon ajans federal ki bay avantaj, tankou Administrasyon Sekirite Sosyal la, Depatman

Afè Veteran, oswa Konsèy Retrèt Fewovyè.

Si nou pa gen enfòmasyon kont labank ou pou nou fè peman pou ou pa depo dirèk, n ap voye peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo pa lapòs.

Pou ou aktyalize oswa ajoute yon kont labank, gade detay yo pita nan gid sa a nan seksyon “Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou jere kont depo dirèk pou peman avans ou yo”.

E si mwen pa vle peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo oswa e si mwen pa kalifye?

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou timoun nan pèmèt moun yo anile enskripsyon nan peman avans yo. Olye yo resevwa peman avans sa yo, kèk fanmi ka pito tann jis fen ane a pou yo resevwa tout kredi a tankou yon ranbousman lè yo fè deklarasyon enpo 2021 yo a. Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun a pèmèt fanmi yo anile enskripsyon nan resevwa peman mansyèl yo.

Fonksyonalite anile enskripsyon an kapab itil tou pou tout fanmi ki pa kalifye ankò pou Kredi Enpo pou Timoun nan oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon enpo 2021 yo a. Sa te kapab rive si, parekzanp:

  • Revni ou an 2021 twò wo pou w kalifye pou kredi a.

  • Yon lòt moun (yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, parekzanp) kalifye pou deklare timoun ou an oswa timoun yo antanke depandan an 2021.

  • Rezidans prensipal ou te deyò etazini pandan plis pase mwatye 2021 an.

Pou ou anile enskripsyon nan peman avans yo, gade detay yo nan seksyon “Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou anile enskripsyon an, si sa nesesè” pita nan gid itilizatè sa a.

Exceptions & meaning →

Resous ki Itil

Senplifye, Chinwa-Tradisyonèl, Koreyen, Ris, Vyetnamyen ak Kreyòl Ayisyen. Mwayen fasil pou ale sou paj sa yo:

o Ale sou irs.gov/childtaxcredit2021

o Ale sou IRS.gov epi klike sou “Jwenn Detay sou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.”

o Eskane yonn nan kòd QR nou yo avèk kamera aparèy mobil ou a.

Anglè: Panyòl:

6 | Septanm 2021

Exceptions & meaning →

Peman Avans CTC a: Ki Zouti Anliy Mwen Ta Dwe Itilize?

Si ou bezwen… Ebyen itilize zouti sa a


Verifye kalifikasyon ou pou
Kredi Enpo pou Timoun nan





Asistan Kalifikasyon an ede ou detèminen si ou ka kalifye pou peman
avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Disponib an Anglè ak Panyòl.






Enskripou peman avans Kredi
Enpo pou Timoun yo si ou pa
gen pou ou fè (an anglè) yon
deklarasyon enpo









Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ede moun ki pa gen obligasyon pou
yo fè yon deklarasyon enpo, konplete yon deklarasyon senplifye pou yo ka
jwenn peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, Kredi Ranbousman
Rekiperasyon an ak Peman Enpak Ekonomik yo.





Verifye idantite ou anvan ou
itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou
Timoun nan


















Ale sou** Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun** nan epi klike sou “Jere
Peman Avans yo.” Si ou se yon nouvo itilizatè, ou dwe c kreye yon kont
ID.me nan IRS la epi verifye idantite ou. Si ou gen yon kont nan IRS la deja,
itilize non itilizatè ak modpas Aksè Sekirize w la epi antre kòd sekirite a kòm
yon etap nan pwosesis otantifikasyon plizyè faktè a (MFA). Si ou gen yon
kont ID.me nan yon ajans gouvènmantal oswa federal, ou ka itilize imèl ou
ak modpas ou epi konplete MFA a. ID.me se yon tyès ou ka fè konfyans.




Anile enskripsyon nan peman
avans kredi enpo pou timoun yo












Ou kapab itilize** Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun** nan pou ou anile
enskripsyon nan peman otomatik yo si ou:
•
pito reklame tout kredi a lè w ap fè deklarasyon enpo 2021 w lan,
oswa
•
ou konnen ou pa kalifye paske sitiyasyon ou te chanje pou
2021 an.


Jere enfòmasyon
kont labank













IRS la ap voye peman yo sou kont labank ou te mete delarasyon enpo 2019
oswa 2020 an oswa sou yon kont gouvènman federal la rekonèt, tankou yon
kont kote ou resevwa alokasyon Sekirite Sosyal, veteran oswa retrèt
fewovyè. Sila yo ki pa enskri pou depo dirèk ap resevwa yon chèk pa lapòs.
ItilizePòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan si ou bezwen aktyalize
enfòmasyon kont labank ou oswa ajoute yon kont labank.

Gade istorik peman ou







Apre peman yo fin fèt, zouti Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan
ap montre ou dat ak montan peman yo oswa enfòme si peman w lan te
retounen oswa relivre.

Aktyalize adrès lapòs ou




Ou kapab itilizePòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou bay
oswa aktyalize adrès bwat postal ou.





Siyale aktyalizasyon ki ka
afekte montan peman ou yo


















Nan kòmansman lotòn nan, w ap kapab itilizePòtal Ajou Kredi Enpo
pou Timoun nan pou siyale aktyalizasyon ki ka afekte montan peman
ou yo, tankou chanjman nan:
•
kantite timoun kalifye
•
eta sivil
•
revni
•
antant pou gad
Si sitiyasyon w te chanje nan 2021 an, aktyalize enfòmasyon sa yo ap ede
ou jwenn pi bon montan peman avans yo.

7 | Septanm 2021

Exceptions & meaning →

Itilize zouti IRS yo pou ede ou jere Kredi Enpo pou Timoun nan

Itilize Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou wè si ou kalifye Malgre etap sa fakiltatif, Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan kapab itil si ou pa sèten ou kalifye pou kredi a oswa pou peman avans yo. Lè ou reponn yon seri kesyon nan zouti a, ou kapab dekouvri si ou deja kalifye pou kredi a ak peman yo. Ou ka toujou anmezi pou ou benefisye kredi a menmsi ou p ap travay kounyea oswa pa t travay an 2020. Asistan Kalifikasyon an disponib an Panyòl tou.

Pou itilize Asistan Kalifikasyon an, ou bezwen:

  • Deklarasyon enpo ou te soumèt pou 2020, oswa deklarasyon enpo 2019 ou a si ou potko deklare pou 2020.

  • Si ou pa gen yon kopi deklarasyon an epi ou konnen estati deklarasyon w ak kantite timoun kalifye ou te deklare, ou ka anmezi pou w kalkile revni total la apati deklarasyon enpo w la pou reponn tout kesyon yo. Ou kapab itilize sa ki annapre yo pou fè kalkil yo:

    • Deklarasyon revni tankou W-2 yo ak 1099 yo

    • Montan tout depans oswa ajisteman nan revni ou yo

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enfòmasyon ki ka idantifye moun (PII) pou okenn manm fanmi. Pou rezon sa, se pa IRS la ki detèminen rezilta li yo. Malgre rezilta yo fyab, si kesyon yo reponn nan yon fason kòrèk, yo ta dwe konsidere yo preliminè. Ni repons itilizatè a bay yo, ni rezilta yo, IRS la kenbe yo.

Si Asistan Kalifikasyon an di ou pa kalifye pou peman avans yo dapre enfòmasyon ou te bay yo:

  • Ou ka toujou kalifye si ou te gen yon chanjman sikonstans nan 2021 an, tankou yon chanjman nan revni oswa yon nesans oswa yon adopsyon. Yon aktyalizasyon annapre nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan ap pèmèt ou aktyalize enfòmasyon sou revni ou ak timoun kalifye ou epi detèminen kalifikasyon ou pou peman avans yo. Oswa ou kapab rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk Kredi Enpo pou Timoun ou nan deklarasyon enpo 2021 w lan.

  • Ou kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou konnen si ou enskri otomatikman nan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, dapre enfòmasyon IRS la jwenn nan dènye deklarasyon w lan oswa nan zouti Non-Deklaran yo pou Peman Enpak Ekonomik yo ane pase. Si ou enskri otomatikman, men ou pa kalifye ankò, ou ta dwe panse anile enskripsyon an nan peman avans yo.

Si Asistan Kalifikasyon an di ou kalifye pou peman avans yo dapre enfòmasyon ou te bay yo:

  • Ou kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou wè si ou enskri pou resevwa peman avans yo, anile enskripsyon nan peman avans yo si ou pito, jere adrès ou oswa enfòmasyon kont labank ou oswa verifye estati peman ou yo.

8 | Septanm 2021

Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan

Ale sou IRS.gov pou w kòmanse

Ou kapab jwenn zouti IRS pou Kredi Enpo pou Timoun nan sou irs.gov/childtaxcredit2021 oswa lè ou ale sou IRS.gov epi klike bwat “Jwenn Detay sou Avans Kredi Enpo pou Timoun” nan sou paj akèy IRS.gov la.

Klike sou bouton “Jere Peman yo” pou ou genyen aksè nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Ou kapab itilize zouti sa a tou:

  • Verifye si ou enskri pou w resevwa peman yo

  • Anile enskripsyon pou ou sispann jwenn peman avans yo

  • Bay oswa aktyalize adrès bwat postal ou oswa enfòmasyon kont labank ou pou peman mansyèl yo

  • Gade estati peman avans ou yo

9 | Septanm 2021

Depi ou fin monte sou paj Pòtal Ajou a, analize enfòmasyon yo epi klike sou “Jere Peman Avans yo” pou ou kòmanse.

Konekte sou Pòtal Ajou a oswa kreye yon nouvo kont.

Lè ou klike sou bouton “Jere Peman Avans yo”, ou prale sou paj “Konekte oswa Kreye yon Nouvo Kont”.

10 | Septanm 2021

Si ou te ale sou IRS.gov epi te kreye yon kont anliy pou ou genyen aksè nan dosye fiskal ou yo oswa fè yon plan peman, ou genyen yon kont deja. Ou kapab itilize enfòmasyon kont lan pou ou konekte pandan ou klike sou bwat ble ki di, “Konekte avèk yon non itilizatè IRS ki la deja.”

W ap itilize non itilizatè ak modpas Aksè Sekirize w la epi antre kòd sekirite a kòm yon etap nan pwosesis otantifikasyon plizyè faktè a.

Moun ki pa genyen yon kont deja ap genyen pou yo verifye idantite avèk yon fòm foto pandan y ap itilize ID.me, yon tyès ki fyab pou IRS la. Yo espesyalize yo nan pwoteksyon idantite dijital epi yo ede nou asire nou ou se ou—se pa yon yòt moun ki pretann li se ou—anvan nou ba ou aksè nan enfòmasyon ou yo. ID.me itilize dènye teknoloji verifikasyon idantite pou verifye idantite ou rapid epi fasil.

Si ou verifye deja nan Depatman Afè Veteran yo, Administrasyon Sekirite Sosyal oswa yon paten leta a atravè aplikasyon ID.me a, ou ka sèlman konekte pandan ou klike bwat vèt solid la ak swiv enstriksyon pou konekte gras ak ID.me.

Pou plis enfòmasyon, gade Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, Sijè K: Verifikasyon Idantite Ou pou ou Jere Peman ou yo

Nenpòt moun ki manke entènèt oswa ki pa kapab itilize zouti anliy lan ka anile enskripsyon an pandan y ap kontakte IRS la nan niumewo telefòn ki nan lèt akonpayman IRS la te voye ba ou nan mwa jen an.

Depi li fin verifye, itilizatè yo kapab konekte avèk referans ID.me nenpòt kote yo aksepte ID.me.

Gade si ou enskri pou resevwa peman yo oswa anile enskripsyon an si ou pa vle jwenn peman avans yo.

Apre ou fin konekte ak siksè sou pòtal la, w ap wè yonn nan ekran annapre sa yo ki ap:

  • Konfime kalifikasyon pou peman avans yo, epi si ou kalifye, li di ou estati enskripsyon ou pou peman otomatik yo.

  • Di ou pa kalifye epi ou p ap resevwa peman avans yo.

11 | Septanm 2021

Deside si ou ta dwe anile enskripsyon nan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Ou ka vle sispann resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou plizyè rezon, tankou si w ap atann pou montan enpo ou dwe yo pi plis pase ranbousman w ap tann nan lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

Peman ou resevwa yo se yon avans Kredi Enpo pou Timoun ou t ap jwenn nòmalman lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan. Paske kredi sa yo peye davans, chak dola ou resevwaap redwi montan Kredi Enpo pou Timoun w ap reklame nan dekalrasyon enpo 2021 w lan. Sa vle di lè ou aksepte peman avans kredi enpo pou timoun yo, montan ranbousman w lank a redwi oswa montan enpo ou dwe a ka ogmante.

Ou ka evite dwe IRS la enpo si ou anile enskripsyon an epi reklame tout kredi a lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

Si ou chwazi anile enskripsyon an, men kèk bagay enpòtan ou dwe konnen:

marye, konjwen w lan ap bezwen anile enskripsyon an tou. Si ou pa t fè sa, w ap jwenn mwatye peman konjwen ou te sipoze resevwa avèk konjwen w lan.

  • Sa ka pran jiska sèt (7) jou travay pou trete anilasyon enskripsyon w lan. Retounen verifye apre ou fin anile enskripsyon an pou rasire ou yo trete demann ou an ak siksè.

  • Ou pa kapab retounen enskri fwa sa a. Anilasyon enskripsyon an ka fèt yon fwa sèlman. W ap anmezi pou retounen enskri apati fen sektanm 2021.

12 | Septanm 2021

Pou plis enfòmasyon konsènan pwosesis anilasyon enskripsyon an, gade Sijè J nan FAQ (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun yo sou IRS.gov.

Si ou pa vle anile enskripsyon an, kite pou w ale nan “Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou w jere kont depo dirèk pou peman avans ou yo” pita nan gid sa a pou ou aprann kòman pou ou jere enfòmasyon depo dirèk ou yo.

Si ou chwazi, anile enskripsyon pou ou sispann resevwa peman avans yo

Si ou vle anile enskripsyon an, klike bwat ble “Anile Enskripsyon nan Peman yo” ki anba paj Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou kòmanse.

Sou paj “Anile Enskripsyon pou ou sispann resevwa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo” analize enfòmasyon yo ak atansyon. Si ou vle kontinye, klike bouton ble “Mwen Konprann epi Mwen Vle Pwosede”.

13 | Septanm 2021

Nan ekran annapre a, analize enfòmasyon yo epi, si ou dakò pou w anile enskripsyon an, klike bwat “Mwen dakò” a epi klike “Soumèt”.

Si sa reyisi, w ap resevwa yon konfimasyon sou ekran annapre a. Ou ka klike “Retounen sou paj Akèy” pou ou retounen sou paj prensipal la, oswa ou ka itilize lyen ki anlè adwat sou paj la pou ou dekonekte.

Sonje, si ou marye epi ou fè yon deklarasyon konjwen, toude (2) konjwen yo bezwen anile enskripsyon an oswa w ap kontinye jwenn mwatye peman avans ou yo chak mwa. Si konjwen w la nap anile enskripsyon an tou, dekonekte. Konjwen w lan ap genyen pou li reprann pwosesis sa a.

14 | Septanm 2021

Pwosesis Anilasyon Enskripsyon

Apre ou fin anile enskripsyon an, ou kapab verifye estati tranzaksyon w lan lè ou retounen sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, konekte epi chwazi “Jere Peman yo”.

Si ou toujou nan pwosesis anilasyon enskripsyon an, w ap wè mesaj “Ou nan Pwosesis Anilasyon Enskripsyon an”, jan l ap parèt anba a, avèk dat ou te soumèt demann anilasyon enskripsyon an.

Si yo te ba ou kèk peman, w ap kapab verifye estati yo nan fonksyonalite “Jere Peman yo” ki nan zouti a.

Anilasyon Enskripsyon Konfime

Depi anilasyon enkskripsyon an fin fèt, w ap wè mesaj “Enskripsyon Anile” anba a.

15 | Septanm 2021

Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou jere kont depo dirèk yo pou peman avans ou yo

Remak enpòtan: Si ou marye epi ou fè yon deklarasyon konjwen, toude (2) konjwenn yo bezwen aktyalize oswa ajoute enfòmasyon kont labank yo nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Si nou toude (2) pa fè sa, n ap resevwa mwatye nan peman avans chak mwa nou yo pa lapòs oswa sou kont ki te nan Pòtal Ajou a anvan aktyalizasyon w lan.

Si ou nan Pòtal Ajou a deja apati yon lòt fonksyonalite epi ou vle aktyalize enfòmasyon kont labank ou, klike sou lyen “Pwofil” la ki anlè adwat. Sinon, swiv enstriksyon yo pou w konekte nan seksyon “Konekte nan Pòtal Ajou a oswa kreye yon nouvo kont” ki nan gid sa a, epi klike sou “Pwofil” epi retounen sou paj sa a.

Si deja gen yon kont labank nan dosye ou, w ap wè “Depo Dirèk” pou metòd peman ou, kalite kont lan ak woutaj la epi nimewo kont pasyèl pou kont sa.

16 | Septanm 2021

Si nou pa genyen enfòmasyon pou depo dirèk pou ou, w ap wè “Peman pa Lapòs” pou metòd peman ou.

Si Pòtal Ajou a montre ou kalifye pou resevwa peman yo men ou pa enskri pou resevwa depo dirèk yo, w ap resevwa yon chèk chak mwa. Si ou vle chanje pou w resevwa peman yo an depo dirèk, ou kapab itilize Pòtal Ajou a pou ou ajoute enfòmasyon kont labank ou.

IRS la ankouraje tout fanmi k ap resevwa chèk yo pou yo konsidere pase nan depo dirèk, Ak depo dirèk, fanmi yo ka jwenn lajan yo pi fasil e pi rapid. Depo dirèk retire tan, enkyetid ak depans nan chanje chèk. Anplis, depo dirèk elimine chans pou chèk ou ta pèdi, pou yo ta vòlè li oswa pou ou pa ta ta jwenn chèk ou.

Si ou pa genyen yon kont labank

Si ou ta renmen jwenn peman w lan an depo dirèk, men ou pa genyen yon kont, anpil enstitisyon finansyè ap ede ou ouvri yon kont labank gratis oswa k ap koute yon ti kras lajan.

Pou plis enfòmasyon ou kapab:

o BankOn (an anglè)

o Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè)

o Kominote Endepandan Bankye Amerik la (an anglè)

o Administrasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè)

17 | Septanm 2021

Ajoute oswa aktyalize enfòmasyon labank

Si ou bezwen aktyalize oswa ajoute yon kont, chwazi “Modifye” adwat, nan seksyon “Enfòmasyon Peman”.

Nan ekran annapre a, antre enfòmasyon yo mande yo pou kont labank ou. Analize tèm sèvis yo epi klike bwat si ou dakò. Epi apre, klike bouton ble “Soumèt” la.

(Kapti ekran kontinye sou paj annapre a.)

18 | Septanm 2021

Ekran annapre a ap konfime ou te soumèt aktyalizasyon w lan epi l ap di ou kilè chanjman an ap parèt nan Pòtal Ajou a. Nan ekzanp sa a, enfòmasyon itilizatè a ap parèt nan pwofil li nan fen mwa dawou.

Lè ou fini, klike lyen “Dekonekte” ki anlè adwat la. Sonje, si ou se yon deklaran konjwen, konjwen w lan bezwen aktyalize kont labank li nan pwòp kont Pòtal Ajou li tou.

19 | Septanm 2021

Si ou retounen verifye pita, ou ka wè ekran sa a tankou sa a, anba a, k ap enfòme ou nouvo enfòmasyon peman w lan ap trete ak kilè ou ka atann pou enfòmasyon yo parèt nan pwofil ou.

Itilize Pòtal Ajou a pou verifye estati peman ou yo

Ou kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou verifye estati peman ou yo. W ap kapab wè kilè ak kòman peman ou yo te fèt, epi w ap kapab wè tou si gen peman ki te retounen oswa refèt.

Si ou nan Pòtal Ajou a deja apati yon lòt fonksyonalite ou t ap itilize epi ou vle aktyalize adrès ou, klike sou lyen “Pwofil” (“Profile”) ki anwo adwat pòtal la. Osinon, konekte epi swiv enstriksyon yo nan seksyon “Konekte nan Pòtal Ajou a oswa Kreye yon nouvo kont” nan gid sa a, epi klike sou “Pwofil” epi retounen sou paj sa a.

Nan pwofil ou a, chèche seksyon ki rele “Peman.”

Nan ekran an adwat, pòtal la montre peman jiyè itilizatè a “livre.” Peman $300 li a te depoze avèk siksè nan kont labank li 15 jiyè.

20 | Septanm 2021

Si yon peman retounen, seksyon “Peman” ki sou paj prensipal ou a t ap montre “Pa kapab Livre Peman,” jan sa parèt nan ekran anba a.

Sa ka rive si ou te gen yon adrès lapòs ki pa valid oswa enfòmasyon kont labank ki pa valid nan dosye ou. Li ka rive tou si kont labank ou pa valid ankò oswa si yon chèk yo voye nan bwat postal ou pa ka livre.

lyen k ap Mennen ou sou “pwofil ou” pou jere pwoblèm nan.

Si yon peman te retounen, seksyon “Enfo Peman” ki sou pwofil ou a ap envite ou aktyalize enfòmasyon sou peman ou. Klike sou “Chanje.”

21 | Septanm 2021

Si w ap aktyalize adrès bwat postal ou, gade seksyon “Itilize Pòtal Ajou a pou ajoute oswa aktyalize adrès bwat postal ou”, ki annapre a nan gid sa, pou enstriksyon. Si w ap aktyalize enfòmasyon kont labank ou pou depo dirèk, gade seksyon ki anvan an nan gid sa aki rele “Itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou jere kont depo dirèk yo pou peman avans yo.”

Si yo relivre yon peman, ou ka wè yon ekran tankou sa ki anba a. Sa ka rive apre yo retounen peman w lan. Nòmalman, IRS la ap relivre ou peman w lan sou fòm chèk nan bwat postal ou.

Ou kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ajoute oswa chanje adrès bwat postal ou. Si ou nan Pòtal Ajou a deja apati yon lòt fonksyonalite ou t ap itilize epi ou vle aktyalize adrès ou, klike sou lyen “Pwofil” ki anwo adwat pòtal la. Osinon, konekte epi swiv enstriksyon yo nan seksyon “Konekte nan Pòtal Ajou a oswa kreye yon nouvo kont” nan gid sa a, epi klike sou “Pwofil” epi retounen sou paj sa a.

22 | Septanm 2021

  • Si ou bezwen chanje adrès ou, klike “Chanje,” jan sa parèt anba a.

  • Si ou pa gen yon adrès bwat postal ki valid nan dosye ou, w ap wè yon ekran tankou sa ki anba a, w ap kapab ajoute yon adrès lè ou klike sou “Ajoute.”

Keseswa w ap ajoute yon adrès oswa w ap aktyalize adrès ou, pwochen ekran an se menm.

23 | Septanm 2021

Verigye enfòmasyon enpòtan sa a ki anwo ekran sa a konsènan kilè chanjman ou yo ap pran efè, adrès otorize yo ak filtè komen yo.

Nan seksyon ki rele “Adrès Bwat Postal Ou,” mete adrès kote ou vle resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

Epi antre nimewo Sekirite Sosyal ou oswa nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl ou pou valide idantite ou.

Gade Tèm ak Sèvis yo epi tcheke bwat lalpou konfime ou konprann chanjman an.

Epi klike bwat “Soumèt” ble a pou aktyalize.

24 | Septanm 2021

Pwochen ekran an konfime ou soumèt avèk siksè chanjman adrès ou a. Si ou pa bezwen fè anyen ankò nan Pòtal Ajou a, klike “Dekonekte.”

Sonje, si ou se yon deklaran konjwen, oumenm avèk konjwen w la nap bezwen aktyalize enfòmasyon nou

Si ou retounen verifye pita, ou ka wè ekran sa a tankou sa a anba a, k ap enfòme ou aktyalizasyon adrès ou a ap fèt.

25 | Septanm 2021

Exceptions & meaning →

Kontinye ale sou IRS.gov pou aktyalizasyon yo

Nan 2021 an, IRS pral ajoute zouti adisyonèl ak resous anliy pou ede avèk avans Kredi Enpoi pou Timoun nan.

Pita nan ane sa a, moun yo ak fanmi yo ap kapab ale sou IRS.gov epi itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou fè IRS la konnen chanjman nan revni yo, estati deklarasyon an, oswa kantite timoun kalifye yo epi fè lòt chanjman pou garanti y ap resevwa bon montan peman avans yo pi vit posib.

Kontinye verifye irs.gov/childtaxcredit2021 pou dènye enfòmasyon yo.

26 | Septanm 2021

Exceptions & meaning →

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.