Federal housing law
1021 Publ 5534 (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5534ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
Ou te deklare deja?
Ou pa bezwen antreprann okenn aksyon kounya si ou te fè yon deklarasyon enpo 2020.
Ou poko deklare?
Fè deklarasyon enpo w la osito posib. Pou moun ki pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo epi ki pa t deklare an 2019 oswa 2020, itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran IRS la pou enskri rapid. Ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak Peman Enpak Ekonomik yo. Zouti IRS la disponib jiska 15 oktòb 2021.
- Fanmi kalifye yo ka resevwa peman
avans jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen 5 lane oswa mwens nan fen ane 2021 an epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen 6 rive 17 lane nan fen ane 2021 an.
- Peman yo te kòmanse 15 Jiyè
epi y ap voye yo chak mwa jiska 15 Desanm san okenn lòt aksyon nesesè.
- Ou ka benefisye kredi a menmsi ou
pa gen revni oswa pa dwe okenn enpo sou revni.
- Kredi enpo a gen ladan peman avans
pou 2021 sèlman.
Pwovizyon Avans Kredi Enpo pou Timoun Lwa Plan Sovtaj Ameriken an gen ladan:
- Maksimòm Kredi Enpo pou Timoun
nan te ogmante nan $3 600 pou timoun ki gen 5 lane oswa mwens nan fen ane 2021 an epi nan $3 000 pa timoun, pou timoun ki gen 6 rive 17 lane nan fen 2021 an.
- Kredi a gen ladan timoun ki gen
mwens pase 18 lane nan fen 2021 an.
- Kontribyab yo ka resevwa yon pati
nan kredi yo a an 2021 anvan yo fè deklarasyon enpo 2021 an.
Kontribyab kalifye ki pa vle resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ap kapab dezenskri pou sispann resevwa peman yo avèk
IRS.gov/kredienpopoutimounan2021¶
Publication 5534 (ht) (Rev. 10-2021) Catalog 38908J Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov