Skip to content

Federal housing law

0721 Publ 5534-D (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5534dht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


IRS.gov/childtaxcredit2021

Kredi Enpo pou Timoun 2021 an: Twa (3) Etap pou Jwenn Pèman Avans Ou yo

Majorite fanmi ki kalifye yo ap resevwa pèman mansyèl yo otomatikman. Pou tout lòt moun…

Kisa mwen ta dwe fè pou mwen jwenn pèman avans mwen yo?

Si ou potko ranpli yon deklarasyon enpo oubyen enskri ak IRS la, li lè pou ou fè sa kounye a. Si ou pa sèten ou kalifye, IRS la gen yon pwosesis twa etap ki kapab ede w. Chak etap gen yon zouti sou entènet gratis ki disponib sou IRS.gov sèlman.

Etap 1: Itilize asistan kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pou wè si ou kalifye.

Menm si etap sa pa obligatwa, li kapab ede w si ou pa sèten ou kalifye swa pou kredi a oswa pèman avans yo. Lè ou reponn yon seri kesyon sou Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan ou ka gentan wè si ou kalifye pou kredi a ak pèman yo. Ou ka toujou benefisye nan kredi a menm si ou pap travay kounya oswa menm si ou pa t travay nan 2020.

Etap 2: Itilize Zouti Enskripsyon pou Moun ki pa ran- pli deklarasyon an pou enskri ak IRS la oswa depoze yon deklarasyon enpo 2020 ki pi konplè

Si ou kalifye pou kredi enpo pou timoun nan oswa pou pèman avans yo, men ou pa gen obligasyon pou depoze yon deklarasyon enpo federal pou 2020, ebyen ou kapab itilize Zouti Enskripsyon pou Moun ki pa ranpli deklarasyon an pou enskri. Zouti sa ap pèmèt ou fè demann pou kredi ranbousman re kiperasyon 2020 an, si ou pa t jwenn tout montan pèman enpak ekonomik yo. Men ou ta dwe panse ranpli deklarasyon enpo ki konplè pou 2020 si ou kalifye pou lòt avantaj fiskal yo.

Montan Pèman ak Dat yo

Fanmi ki kalifye yo ap resevwa pèman avans yo pa depo dirèk oswa pa chèk. Valè chak pèman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

IRS la ap bay pèman avans CTC yo (Child Tax Credit – Kredi Enpo pou Timoun): 15 Jiyè, 15 Dawout, 13 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm, ak 15 Desanm.

Etap 3: Itilize Pòtal Aktyalizasyon Kredi Enpo pou Timoun nan pou kontwole pèman yo ak aktyalize

enfòmasyon yo.

Aprè IRS la fin trete deklarasyon enpo w la oswa aprè ou fin enskri atravè Zouti Enskripsyon pou Moun ki pa ranpli deklarasyon an, ou kapab itilize Pòtal Aktyalizasyon Kredi Enpo pou Timoun nan pou kontwole oswa jere pèman chak mwa ou yo. Nan kòmansman, wap ka itilize l pou verifye si ou kalifye, verifye estati pèman ou yo, oswa aktyalize enfòmasyon sou kont labank ou yo. Ou kapab itilize l tou pou w soti oswa anile enskripsyon nan pèman chak mwa yo. Pita nan ane sa, w ap kapab itilize Pòtal Aktyalizasyon Kredi Enpo pou Timoun nan pou aktyalize kont ou.

Publication 5534-D (ht) (7-2021) Catalog Number 51200S Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.