Skip to content

Federal housing law

0621 Publ 5534-A (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5534aht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


Fanmi kalifye yo ka resevwa peman avans

jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen 6 lane ak plis.

Peman yo ap kòmanse 15 Jiyè epi y ap voye

chak mwa jiska 15 Desanm san okenn lòt aksyon nesesè.

Ou te deklare deja?

Ou pa bezwen antreprann okenn aksyon kounya si ou te fè yon deklarasyon enpo 2020.

Ou poko deklare?

Fè deklarasyon enpo w la osito posib. Pou moun ki pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo epi ki pa t deklare an 2019 oswa 2020, vizite Zouti Enskripsyon Non-Deklaran espesyal IRS la pou plis detay epi enskri rapid. Ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak Peman Enpak Ekonomik yo.

Ou ka benefisye kredi a menmsi ou pa

genyen revni oswa pa dwe okenn enpo sou revni.

Kredi a gen ladan timoun ki gen 17 lane nan

2021 an.

Kredi enpo a elaji pou li pran peman avans

pou 2021 sèlman.

Kontribyab kalifye ki pa vle resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ap gen opòtinite pou yo dezenskri pou sispann resevwa peman yo.

Publication 5534-A (ht) (6-2021) Catalog Number 39202Y Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.