Federal housing law
0521 Publ 5519 (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5519ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
IRS.gov/EIP¶
Peman Enpak Ekonomik yo¶
Lè Yon Moun nan Fanmi Ou Pa genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal¶
Kisa ki Nouvo: Yon lwa Desanm 2020 te chanje ekzijans pou kalifikasyon pou Peman Enpak Ekonomik yo (Economic Impact Payments, EIPs) ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an (Recovery Rebate Credit, RRC)
Kalifikasyon: Gen limit nan zafè revni yo, men jeneralman, ou kalifye pou RRC a sou deklarasyon taks 2020 w lan ak pou twazyèm EIP a, ki te fèt an 2021 an, si ou:
❯ Se yon sitwayen Ameriken oswa yon etranje rezidan Ozetazini,
❯ Pa depandan yon lòt kontribyab, epi
❯ Ou genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN, Social Security Number) ki valid pou travay (an Anglè) (pou Kredi Ranbousman Rekiperasyon an) oswa yon SSN valid (an Anglè) (pou twazyèm Peman Enpak Ekonomik la).
Gade ki manm fanmi ki kalifye pou lajan relans lan, si se pa tout moun yo ki sou deklarasyon taks ou a ki reponn ak ekzijans SSN yo.
W ap deklare avèk konjwen ou, men se sèlman yonn nan nou ki reponn ak ekzijans SSN yo, ebyen ou kapab…
W ap deklare avèk konjwen ou epi se sèlman yonn nan nou ki reponn ak ekzijans SSN yo, men gen yonn ki se militè aktif pandan yon peryòd nan ane fiskal la, ebyen ou kapab…
W ap deklare avèk konjwen ou epi okenn nan nou pa reponn ak ekzijans SSN yo, ebyen …
W ap deklare antanke selibatè epi ou pa reponn ak ekzijans SSN yo, ebyen …
deklare, reklame RRC 2020 pou konjwen ki gen SSN ak pou timoun kalifye ki gen SSN
jwenn twazyèm EIP a – apa apre deklarasyon an – pou konjwen ki gen SSN ak depandan kalifye* ki gen SSN yo
deklare, reklame RRC 2020 ni pou konjwen ak ni pou timoun kalifye ki gen SSN yo
jwenn twazyèm EIP a – apa apre deklarasyon an – pou konjwen ak pou depandan kalifye* ki gen SSN yo
okenn nan konjwen yo pa kalifye pou RRC a
men ou ka jwenn twazyèm EIP a pou chak depandan kalifye* epi ou dwe fè deklarasyon taks 2020 an pou jwenn li
ou pa kalifye pou RRC a
men ou ka jwenn twazyèm EIP a pou chak depandan kalifye* epi ou dwe fe deklarasyon taks 2020 an pou jwenn li
Twazyèm EIP a pa entèdi pou timoun ki gen mwens pase 17 lane yo. Twazyèm peman w lan ap genyen jiska $ 1400 pou depandan kalifye* ki gen SSN yo, tankou etidyan kolèj yo, granmoun ki andikape yo, paran ak granparan yo.
Si ou kalifye, swiv etap sa yo pou fè yon deklarasyon taks 2020, menmsi nòmalman ou pa konn fè deklarasyon
❯ W ap bezwen montan Peman Enpak Ekonomik yo ba ou deja yo (ak konjwen ou si w ap fè deklarasyon konjwen pou ou ak konjwen w lan). Gade Lèt IRS 1444 ak 1444-B ou yo oswa zouti Kont Anliy IRS la.
❯ Pou pwosesis pi rapid la, fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk. Lè ou fè yon deklarasyon taks 2020, sa pèmèt ou:
❯ Si ou kalifye, reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 (an Anglè) an, si ou pa t jwenn yon premye oswa dezyèm Peman Enpak Ekonomik oswa ou te jwenn mwens pase montan total la. Premye ak dezyèm Peman Enpak Ekonomik la, se te peman avans Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an.
❯ Jwenn twazyèm Peman Enpak Ekonomik la (jiska $ 1400 pou chak moun ki kalifye ki genyen yon SSN valid sou deklarasyon w lan). Si ou kalifye, IRS la ap fè peman sa apre deklarasyon taks 2020 w lan fin trete. Itilize Jwenn Peman Mwen sou IRS.gov pou verifye estati peman sa.
Publication 5519 (ht) (5-2021) Catalog Number 36518H Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov