Federal housing law
0421 Publ 5514 (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5514ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
IRS.gov/EIP¶
Majorite endividi ki kalifye yo p ap¶
Kisa ki diferan¶
nan Twazyèm Peman Enpak¶
Ekonomik la¶
Majorite endividi ki kalifye yo p ap bezwen antreprann lòt aksyon apre yo fin fè…¶
Twazyèm peman anplis pou majorite endividi yo.
Endividi kalifye (an Anglè) ki te depoze yon deklarasyon taks konjwen ap resevwa jiska $2800, epi tout lòt endividi yo ap resevwa jiska $1400. Sa ki gen depandan kalifye sou deklarasyon taks yo ap resevwa jiska $1400 pou chak depandan kalifye.
Plis moun kalifye kòm depandan.
Kontrèman ak de (2) premye peman yo, twazyèm nan pa entèdi pou timoun ki gen mwens pase 17 lane yo. Endividi kalifye yo ap resevwa yon peman selon tout depandan kalifye (an Anglè) ki deklare sou deklarasyon yo a, tankou fanmi ki pi gran tankou etidyan fakilte, granmoun ak andikap, paran, ak granparan.
Itilize zouti Jwenn Peman Mwen an sou IRS.gov pou ou verifye kilè ak kòman yo te voye twazyèm peman w lan.
Kèk moun p ap kalifye pou twazyèm peman an, menmsi yo te resevwa yon premye oswa dezyèm Peman Enpak Ekonomik oswa yo kalifye pou yon Kredi Rediksyon Rekiperasyon 2020.
Montan rediksyon pwogresiv revni (an Anglè) yo diferan pou twazyèm peman yo. Peman yo redwi pou endividi ki gen yon revni brit ajiste (an Anglè) ki plis pase $75000, $112500 si yo deklare antanke chèf fanmi oswa $150000 si yo deklare konjwen antanke marye oswa yon vèf(vèv) kalifye. Peman yo redwi azewo nan $80000 pou endividi yo; $120000 si yo deklare antanke chèf fanmi epi $160000 si yo deklare konjwen antanke marye oswa deklare antanke yon vèf (vèv). Endividi ki gen revni ki depase nivo sa yo p ap resevwa yon twazyèm peman.
Kèk moun ka elijib pou yon Peman Siplemantè apre yo fin trete deklarasyon taks 2020 yo a.
Montan twazyèm peman an depannde dènye deklarasyon taks ki trete a, swa 2020 swa 2019. Si deklarasyon 2020 kontribyab la pa t trete, n ap kalkile peman an selon deklarasyon 2019 la. Sa gen ladan tout moun ki te anrejistre avèk siksè sou pòtay NonDeklaran yo sou IRS.gov.
Si twazyèm peman an chita sou deklarasyon 2019 la, kontribyab la ka kalifye pou yon peman siplemantè (an Anglè) apre tretman deklarasyon 2020 an. Si kontribyab la gen dwa ak yon pi gwo peman oswa tout peman an, l ap resevwa yon peman siplemantè pou montan adisyonèl la. IRS la ap itilize deklarasyon 2020 yo a pou reevalye kalifikasyon yo otomatikman. Kontribyab la p ap gen anyen pou l fè pou reevalyasyon sa.
Sèlman yon nimewo sekirite sosyal valid pou anplwa yo ekzije kounya ki pou sou deklarasyon taks la.
- Endividi kalifye ki pa gen yon SSN (Nimewo Sekirite Sosyal) valid
ap resevwa jiska $1400 pou chak depandan kalifye ki gen yon SSN valid.
- Endividi kalifye ki gen yon SSN valid ap resevwa jiska $1400 pou
tèt yo, jiska $1400 pou konjwen yo ki gen yon SSN valid, si yo te fè deklarasyon konjwen, epi jiska $1400 pou chak depandan kalifye ki gen yon SSN valid.
- Si yon konjwen ki fè yon deklarasyon konjwen te yon manm aktif
nan Lame Etazini pandan yon moman nan ane fiskal la, sèlman yonn nan konjwen yo bezwen genyen yon SSN valid pou koup la pou l resevwa jiska $2800 pou tèt yo epi jiska $1400 pou chak depandan kalifye ki gen yon SSN valid.
- Remak: Yon lwa desanm 2020 te chanje premye ekzijans
kalifikasyon pou deklaran konjwen yo kote se sèlman yonn nan konjwen yo ki bezwen yon SSN valid. Si yo pa t resevwa yonn oswa toude premye ak dezyèm Peman Enpak Ekonomik yo, yo ka kalifye pou reklame yon Kredi Rediksyon Rekiperasyon 2020 lè yo depoze yon deklarasyon taks konjwen 2020. Twazyèm peman an pa reklame sou deklarasyon taks 2020 w lan oswa itilize pou kalkile Kredi Rediksyon Rekiperasyon 2020 an.
Ou kalifye si: Ou se yon sitwayen Ameriken oswa yon etranje rezidan Ozetazini epi si ou (ak konjwen w lan, si nou fè yon deklarasyon konjwen) pa yon depandan yon lòt kontribyab sou yon deklarasyon taks 2020, gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ( gade eksepsyon pou deklarasyon konjwen ki marye (an Anglè) ak eksepsyon pou depandan kalifye (an Anglè) ) epi revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI) ou a pa depase:
$150000 si ou marye epi depoze yon deklarasyon konjwen oswa antanke yon vèf oswa vèv kalifye
$112500 si ou deklare antanke chèf fanmi oswa
$75000 pou endividi kalifye ki itilize nenpòt lòt estati deklarasyon
Publication 5514 (ht) (4-2021) Catalog Number 32885N Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov