Federal housing law
0122 Publ 5486-B (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5486bht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
Konsènan Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an¶
❯ Moun ki pa t swa kalifye pou resevwa yon twazyèm Pèman
Enpak Ekonomik – oswa te resevwa mwens pase montan total yo – ka kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an dapre enfòmasyon pou ane fiskal 2021 yo a. Yo dwe depoze yon deklarasyon taks 2021 pou yo reklame li menm si yo pa gen abitid fè yon deklarasyon taks.
❯ Ekzijans kalifikasyon yo se menm pou Kredi Ranbousman
Rekiperasyon 2021 an jan yo te ye pou twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la, sof, kalifikasyon pou kredi a ak montan kredi a baze sou enfòmasyon pou ane fiskal 2021 moun nan. Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an ap redwi tout taks yo dwe pou ane 2021 an oswa y ap nan ranbousman taks moun nan epi yo ka depoze li dirèk sou kont finansye li.
❯ Fè yon deklarasyon taks 2021 ki konplè epi ki kòrèk pou
evite reta nan ranbousman yo. IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo fè deklarasyon pa vwa elektwonik epi kite lojisyèl taks la kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an. Moun yo ap bezwen montan tout twazyèm pèman yo te resevwa pou yo byen kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo a.
Moun yo kapab ale sou kont anliy yo an tout sekirite pou yo wè montan twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo a nan dosye fiskal yo.
Apati fen janvye 2022, IRS ap voye Lèt 6475 nan adrès
ki nan dosye yo pou konfime montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik nou resevwa pou ane fiskal 2021 an.
Publication 5486-B (ht) (1-2022) Catalog Number 92845F Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov