Skip to content

Federal housing law

1224 Publ 5348 (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5348ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


DEKLARE

Konsèy pou ede ou prepare deklarasyon enpo federal ou a

repons kesyon fiskal, deklare enpo, tcheke ranbousman oswa pou peye enpo. Ou pa bezwen tann ni pran randevou— jis ale sou IRS.gov pou w jwenn zouti anliy ak resous ki disponib 24 sou 24.

Exceptions & meaning →

Pwoteje done w yo

Sit entènèt ofisyèl IRS la se IRS.gov e pifò adrès paj entènèt IRS.gov kòmanse ak https://www.irs.gov/ . Pa kite yo twonpe w ak sit entènèt oswa imèl ou pa t atann ki fè konnen yo se IRS. URL yo souvan fini ak .com, .net oswa .org, olye de .gov. Pran etap sa yo pou pwoteje tèt ou kont vòlè idantite yo ak moun ki pretann men ki pa IRS.

Exceptions & meaning →

Rete konekte avèk IRS

IRS gen plizyè fason ou ka rete ajou ak enfòmasyon enpo enpòtan ki ka ede w planifye enpo ou. Suiv kont ofisyèl medya sosyal IRS yo ak lis abònman imèl yo pou w rete ajou ak dènye sijè ak alèt fiskal yo. Telechaje aplikasyon mobil IRS2Go, gade videyo YouTube IRS, fè abònman e-bilten IRS oswa suiv IRS sou X, Facebook, LinkedIn ak Instagram pou dènye mizajou sou chanjman fiskal, alèt twonpri, inisyativ, pwodui ak sèvis yo.

Exceptions & meaning →

Jwen enfòmsyon fiskal nan lang ak fòma ou prefere a

Enfòmasyon fiskal ka difisil pou konprann nan nenpòt lang sitou si se pa youn ou konnen byen. N ap tradui resous fiskal nou yo nan plis lang, kounye a nou gen enfòmasyon fiskal debaz nan ven lang . Pou resevwa enfòmasyon IRS alekri nan lòt lang lè yo disponib, ou ka ranpli Barèm LEP, Demann pou Chanje Preferans Lang Abònman Nouvèl IRS an Espayòl (Noticias del IRS en Español) pou w resevwa konsèy fiskal ak mizajou an espayòl. Fòm 9000, Preferans Lòt Medya, disponib pou w resevwa kominikasyon alekri sou lòt fòma (Bray, Gwo lèt, elatriye).

Exceptions & meaning →

Mande yon IP PIN

Yon IP PIN se yon nimewo ki gen sis chif ki anpeche

Idantifikasyon Endividyèl kontribyab la. Sèvi ak yon IP PIN se yon fason pou kontribyab yo pwoteje tèt yo kont vòl idantite. IP PIN lan pral ede pwoteje kontribyab yo tou lè yon moun reklame depandan kontribyab la nan fwòd. IRS pral aksepte Fòm 1040, 1040-NR ak 1040-SS menm si yo te deja reklame yon depandan nan yon deklarasyon ki te deja ranpli toutotan kontribyab prensipal la, nan dezyèm deklarasyon an, gen yon IP PIN ki valab. Fason ki pi fasil pou w jwenn yon IP PIN se atravè Kont Entènèt IRS ou.

Exceptions & meaning →

Konekte sou kont fiskal endividyèl ou anliy an sekirite

Kont entènèt IRS la pèmèt ou wè done kle nan dènye deklarasyon fiskal ou a. Sa gen ladann enfòmasyon ou ka bezwen pou w ranpli enpo ane pwochèn, tankou Revni Brit Ajiste ane avan an. Kont sou entènèt ou a gen montan fiskal ou a, detay plan peman epi li pèmèt ou fè peman. Ou ka wè tou kèk korespondans ki soti nan IRS epi apwouve Pwokirè ak Demann Otorizasyon Enfòmasyon Fiskal nan men pwofesyonèl fiskal ou. Konekte sou kont ou nan IRS.gov/account .

Exceptions & meaning →

Mete dosye w yo ajou

Fè IRS konnen si adrès ou chanje pou w asire w ou resevwa korespondans IRS yo nan nouvo adrès ou a. Depoze Fòm 8822, Chanjman Adrès (Pou Endividyèl, Kado, Byen, oswa Deklarasyon Enpo Transfè ant plizyè Jenerasyon) pou w mete adrès ou ajou avèk IRS. Sinon, IRS pral mete dosye yo ajou otomatikman dapre adrès ki sou deklarasyon fiskal ou lè w ranpli enpo w yo. Si ou te chanje non legal ou, fè Administrasyon Sekirite Sosyal la konn sa pou evite yon reta nan tretman deklarasyon enpo w.

Exceptions & meaning →

Revize kalifikasyon w pou kredi ak dediksyon

Evènman lavi a—achte yon kay, ale nan kolèj oswa pèdi yon travay—ka fè w kalifye pou sèten avantaj fiskal.

Chèche konnen elijiblite w kounye a ka ede w fè depo pi fasil ane pwochèn. Lòt sikonstans, tankou marye oswa divòse, yon timoun anplis oswa fè eksperyans lanmò yon konjwen oswa yon depandan ou reklame, ka afekte benefis fiskal ou kalifye ansanm ak estati depo a. Pou aprann plis, ale nan Fason pou w jere enpo w yo apre yon evènman lavi a .

Kredi ak dedisyon fiskal ka fè w gen plis kòb nan pòch ou; epi lè w panse ak elijibilite w kounye a sa ka fè l pi fasil pou w fè deklarasyon w lan ane pwochen. Itilize Asistan Enteaktif Fiskal la sou IRS.gov pou w detèmine si w kalifye pou kredi tankou Kredi Enpo sou Revni ou Antre, Kredi pou Swen Timoun ak Depandan, Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi pou Lòt Depandan . Fanmi ki gen elèv yo ka kalifye pou kredi pou edikatè yo.

Sonje konsève dosye yo, sa gen ladan l lèt ajans govènman yo, ki montre w kalifye pou kredi yo.

Exceptions & meaning →

Tcheke ITIN ou

Si w itilize yon ITIN (Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl) pou w depoze, asire w Ii poko ekspire. Ale sou IRS.gov/ITIN pou plis enfòmasyon.

Exceptions & meaning →

Prepare w pou w deklare elektwonikman

E-file se fason ki pi egzak pou prepare ak ranpli deklarasyon enpo w. Erè lakòz ranbousman vin an reta e fason ki pi fasil pou evite yo se ranpli elektwonikman . Lojisyèl preparasyon enpo a gide w nan pwosesis la epi l fè tout kalkil yo.

Swasanndis pousan nan tout kontribyab yo ka itilize lojisyèl enpo gratis, lòt konpayi fè, pou prepare epi deklare enpo sou revni federal yo elektwonikman lè yo sèvi avèk IRS Depoze Gratis . Tout kontribiyab yo, kèlkeswa nivo revni yo, kapab itilize Fòm IRS Moun Ka Ranpli Gratis . Moun ki aje yo, manm militè yo, ak anpil lòt kontribyab— tou depan de revni yo—kapab kalifye pou preparasyon deklarasyon enpo gratis ak depo elektwonik nan men volontè IRS bay fòmasyon nan pwogram Asistans Volontè Enpo sou Revni (VITA) oswa Konsèy Fiskal Pou Moun Aje (TCE) .

Ranpli enpo w sou Entènèt – gratis – dirèkteman ak IRS. Direct File senp, egzak epi li an sekirite. IRS Direct File pral disponib kòmansman ane 2025, ap gen 24 eta k ap patisipe, ansanm ak lòt karakteristik ki fè opsyon sa a disponib pou plis kontribyab. Sèvi ak Eligibility Checker a pou wè si IRS Direct File bon pou ou an 2025. Abòne nan bilten Direct File oswa vizite Direct File (an anglè) sou IRS. gov pou w aprann plis.

Gen plizyè kalite preparatè enpo, tankou kontab piblik sètifye, ajan ki enskri, avoka, ak anpil lòt moun ki pa gen yon kalifikasyon pwofesyonèl. Pifò preparatè enpo bay bonjan sèvis fiskal pwofesyonèl. Sepandan, chak ane, kèk kontribiyab fè pèt paske yo chwazi preparate ki pa bon pou fè deklarasyon enpo. Asire w ou tcheke konsèy nou yo pou w chwazi yon moun k ap prepare enpo ak fason pou w evite preparatè “fantom” ki pa gen etik .

Pran prekosyon nou ak enfòmasyon enpo ki pa kòrèk ki sou rezo sosyal. Sonje byen, si yon enfòmasyon sonnen twò byen probableman li pa laverite.

Exceptions & meaning →

Pare w pou depo dirèk ranbousman w

Konbine depo dirèk ak deklarasyon elektwonik se fason ki pi an sekirite e ki pi rapid pou w resevwa ranbousman w lan. Ranbousman fiskal ou a ale dirèkteman sou kont labank ou lè w chwazi depo dirèk. Ou pap bezwen enkyete w pou chèk ki pèdi, chèk yo vòlè, oswa yon chèk ranbousman lapòs pa ka delivre.

Si w pa gen yon kont an bank, ale nan sit wèb FDIC a oswa Zouti pou Lokalize Kredi Sendika pou kontakte Administrasyon Kredi Sendika Nasyonal la oswa enfòmasyon sou ki kote pou n jwenn bank oswa sendika kredi ki pèmèt moun ovri kont anliy ak fason pou moun chwazi kont ki apwopriye pou yo a.

Exceptions & meaning →

Jere atant ranbousman

Diferan faktè ka afekte refund. Fè atansyon pou w pa swete jwenn ranbousman an nan yon sèten dat, sitou lè w ap fè gwo acha oswa peye lòt obligasyon finansye. Gade IRS.gov/refunds pou plis enfòmasyon.

Byenke IRS bay pifò ranbousman e-file nan mwens pase 21 jou, li posib deklarasyon enpo w la ka mande plis revizyon. Gen kèk deklarasyon ki pran plis tan pase lòt pou plizyè rezon, tankou lè li pa konplè, lè li afekte pa vòl idantite oswa fwod, oubyen lè gen erè kalkil ladan l.

Epi, si w reklame Kredi Enpo sou Revni ou Antre oswa Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun oswa Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun, dapre lalwa, IRS pa ka bay ranbousman an anvan mitan mwa fevriye. Limit sa a se pou tout ranbousman an, se pa jis pou pati ki gen rapò ak kredi yo.

Exceptions & meaning →

Chèche konnen si w bezwen ajiste prelèvman w lan

Èske w te resevwa yon ranbousman ki pi piti pase sa w te espere a oswa ou te resevwa yon bòdwo enpo ou pa t prevwa? Sèvi avèk Estimatè Prelèvman Enpo IRS la pou ede w deside si w bezwen ajiste prelèvman enpo w oswa peye enpo estime oubyen enpo adisyonèl. Si w bezwen fè ajisteman an soumèt yon Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye (an anglè), bay anplwayè w la. Ou kapab peye enpo estime oswa enpo adisyonèl si prelèvman sou salè w, pansyon w oswa lòt revni w pa rive kouvri obligasyon enpo ou pral genyen pou ane a.

Exceptions & meaning →

Òganize dosye enpo w yo

Dosye ki byen òganize fè li pi fasil pou prepare yon deklarasyon enpo epi ede w reponn si w resevwa yon avi IRS. Kenbe dosye ak dokiman ki sipòte yon atik revni, yon dediksyon, oswa yon kredi ki sou deklarasyon w lan.

Publication 5348 (ht) (Rev. 12-2024) Catalog Number 94692W Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

Exceptions & meaning →

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.