Skip to content

Federal housing law

0221 Publ 5257 (HT) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p5257ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


Ou ka bezwen renouvle ITIN ou genyen ki ekspire a

Ki sa yon Nimewo Idantifikasyon Endividyèl pou Kontribiyab (ITIN) ye? ITIN se nimewo tretman enpo ki soti nan IRS ke ou menm, mari oswa madanm ou, oswa moun sou kont ou dwe itilize pou fè yon deklarasyon enpo nan peyi Etazini si ou pa elijib pou yon Nimewo Sekirite Sosyal.

Poukisa ITIN mwen an ka ekspire? Gen de rezon yon ITIN ka ekspire nan fen ane sa a:

  • Si ou pa te itilize ITIN ou an sou yon deklarasyon enpo nan peyi Etazini omwen yon fwa nan

ane fiskal 2016, 2017 oswa 2018 oswa….

  • Si ITIN ou an gen chif nan mitan li ki se 83, 84, 85, 86 oswa 87 (Pa egzanp: 9NN-873NNNN) epi li potoko renouvle.

Èske IRS ap fè mwen konnen si ITIN mwen an ap ekspire? IRS ap fè ou konnen pa lapòs nan yon lèt ki rele (Avi CP-48) kote li pral di ou gen yon ITIN nan deklarasyon enpo ou k ap ekspire si ou te fè deklarasyon enpo nan Etazini nan twa dènye ane ki sot pase yo epi ou te itilize yon ITIN pou ou menm, mari oswa madanm ou, oswa moun ki sou kont ou epi ITIN la gen yon chif nan mitan li ki se 83, 84, 85, 86 oswa 87..

IRS p ap fè ou konnen dirèkteman si ITIN ou an pa te ekri nan deklarasyon enpo ou an nan peyi Etazini omwen yon fwa nan twa dènye ane fiskal ki sot pase yo. Gen yon pakèt kominikasyon nan medya ansanm ak lòt pwogram sansibilizasyon ki deja sou pye pou ka fè tout kontribiyab ki afekte yo konnen.

Èske mwen bezwen renouvle ITIN mwen an? Ou bezwen renouvle sèlman yon ITIN ki ap ekspire si li ap fè pati yon deklarasyon enpo Ozetazini oswa yon demann pou ranbouse ou ke ou konte depoze an 2020. Tcheke zouti ki nan Interactive Tax Assistant sou sit IRS.gov ki ka ede ou detèmine si ou oblije fè yon deklarasyon enpo.

Epitou, si ou genyen oswa ou kalifye pou yon nimewo Sekirite Sosyal, pinga ou renouvle ITIN ou an. Ou pa ka genyen yon ITIN ak yon SSN (Nimewo Sekirite Sosyal) an menm tan.

Kijan pou mwen renouvle ITIN ki ekspire mwen an? Si ou bezwen fè yon deklarasyon enpo Etazini an 2020 epi ITIN ou an ap ekspire, ou dwe kòmanse pwosesis renouvèlman an imedyatman. Ou ta dwe soumèt Fòm W-7, ki se Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Endividyèl IRS pou Kontribiyab, ak tout dokiman idantifikasyon yo mande yo jan sa dekri nan enstriksyon yo. Fè dekwa pou ou sèvi ak Fòm W-7 aktyèl la (Rev. 9-2016). Tout manm fanmi ka soumèt yon Fòm W-7 an menm tan si omwen youn nan ITIN manm fanmi ou yo gen chif nan mitan li ki genyen 83, 84, 85, 86 oswa 87..

Kisa ki ap pase si mwen pa renouvle ITIN ki ekspire mwen an? Ou sèlman bezwen renouvle ITIN ou an si ou bezwen fè yon deklarasyon enpo nan Etazini an 2020. Si ou pa renouvle ITIN ou epi ou fè deklarasyon enpo nan Etazini ak ITIN ki ekspire a, ka genyen reta nan tretman dosye deklarasyon enpo ou a.

Èske mwen bewen renouvle si m ap viv deyò Etazini ? Wi. Si ou bezwen fè deklarasyon enpo nan Etazini an 2020. Mari, madanm, ak depandan pa ka renouvle davans. Yo ka renouvle ITIN yo sèlman lè yo depoze yon deklarasyon taks endividyèl, oswa yon lèt moun depoze yon deklarasyon taks sou revni endividyèl ki reklame yo pou yon avantaj taks pèmisib (tankou yon paran depandan ki kalifye kontribyab prensipal ki reklame estati moun ki antèt k ap la lè y ap fil). Nan ka sa yo, yo dwe atache yon deklarasyon enpo federal ak aplikasyon pou renouvèlman W-7 yo a.

Pou plis enfòmasyon, ale sou IRS.gov/ITIN.

Publication 5257 (ht) (Rev.2-2021) Catalog Number 69197E Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

Exceptions & meaning →

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.