Federal housing law
0226 Publ 3067 (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p3067ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
Asistans IRS pou Katastwòf Zòn Katastwòf Federal Deklare¶
Si adrès ou anrejistre nan IRS la se nan yon zòn ki deklare kòm katastwòf pa gouvènman federal la epi IRS te akòde yon soulajman enpo pou katastwòf, ou pral otomatikman resevwa plis tan pou ranpli epi peye pifò deklarasyon enpo ki dwe kounye a. Ou pa bezwen rele oswa ekri IRS. Vizite www.irs.gov/ht epi chèche nouvèl IRS ki soti toupatou nan peyi a (an anglè) pou wè soulajman enpo pou katastwòf ki disponib nan zòn ou an.
Kijan IRS Ka Ede W?¶
Men kèk fason nou ka ede w nan rekiperasyon w:
n Plis tan pou ranpli epi peye pifò deklarasyon enpo ki dwe kounye a, tankou Fòm 1040 Deklarasyon Enpo sou Revni
Endividyèl, Fòm 1065 Deklarasyon Enpo sou Revni Patenarya Etazini, ak Fòm 1120 Deklarasyon Enpo sou Revni Sosyete Etazini, ak Fòm 1120-S Deklarasyon Enpo sou Revni Sosyete Etazini pou Sosyete-S.
n Plis tan pou fè peman an vèsman
n Anile enterè ak penalite pou pifò deklarasyon ak peman enpo ki dwe pandan peryòd ranvwa a.
n Rediksyon pou kòz rezonab
n Dediksyon enpo potansyèl pou domaj ak/oswa pèt pwopriyete
n Opsyon distribisyon potansyèl elaji nan plan retrèt ak IRA yo
n Kopi oswa transkripsyon deklarasyon enpo gratis ak rapid
n Liy dirèk IRS pou katastwòf 1-866-562-5227, pou reponn kesyon ki gen rapò ak katastwòf epi bay asistans ki gen
rapò ak enpo
n Asistans an pèsòn gratis disponib nan Sant Asistans pou Kontribyab IRS lokal yo
Asistans ak Resous yo nan ka Katastwòf¶
n Rechèch “Dezas” sou www.irs.gov/ht
n Piblikasyon 547 (an anglè) , Viktim, Dezas ak Vòl
n Piblikasyon 584 (an anglè) , Manyèl Travay sou Pèt Aksidan, Dezas, ak Vòl (Pwopriyete-Itilizasyon-Pèsonèl)
n Piblikasyon 584-B (an anglè) , Manyèl Travay Pèt ki gen Rapò ak Dezas Komèsyal, Katastwòf ak Vòl
n Kesyon yo poze souvan ( FAQs ) pou viktim Katastwòf yo nan www.irs.gov/businesses/small-businesses-self-
employed/faqs-for-disaster-victims
n Soulajman penalite pou kòz valab nan www.irs.gov/ht/payments/penalty-relief-for-reasonable-cause
n Liy Dirèk IRS pou Katastwòf nan 1-866-562-5227
n Jwenn transkripsyon enpo IRS sou entènèt nan www.irs.gov/individuals/get-transcript
n Èd enpo gratis disponib sou aparèy mobil ou a avèk IRS2Go mobil telefòn aplikasyon
n Pou pwoblèm oswa difikilte enpo ki pa rezoud, rele Sèvis Defansè Kontribyab (TAS) nan 1-877-777-4778
n Sitwèb Ajans Federal Jesyon Ijans nan www.fema.gov/ht
n Asistans Federal pou Dezas disponib nan www.disasterassistance.gov (an anglè)
n Administrasyon Ti Biznis (an anglè) la ofri asistans pou moun ak biznis ki nan yon zòn katastwòf
Ale sou www.irs.gov/ht/forms-instructions oswa eskane QR kòd la pou jwenn aksè nan…¶
K1: Kouman mwen ka konnen si mwen kalifye pou soulajman enpo akòz katastwòf?
Tanpri vizite www.irs.gov/ht , klike sou “ Rechèch “, epi tape “ around the nation ” epi klike sou eta ou a pou wè èd ki gen rapò ak katastwòf la pou zòn ou an. Si adrès ou anrejistre a nan zòn ki kalifye a, ou pral otomatikman resevwa èd. Si ou fèk demenaje nan yon zòn katastwòf oswa ou gen kesyon sou kalifikasyon ou, tanpri rele liy dirèk katastwòf nou an nan 1-866-562-5227 .
K2: Mwen nan yon zòn dezas epi mwen fèk resevwa yon bòdwo enpo ke mwen pa ka peye, kisa mwen ta dwe fè?
IRS konprann yon katastwòf ka gen enpak sou kapasite w pou w peye. Tanpri rele nou nan 1-866-566-5227 epi n ap travay avèk ou pou idantifye tout opsyon ki disponib yo, tankou mete kont ou a tanporèman nan yon estati “kounye a pa ka kolekte”, jwenn yon aranjman pou peman, epi diskite sou Òf Konpwomi pou rezoud dèt enpo ou a.
K3: Mwen fèk demenaje nan yon zòn katastwòf. Kouman mwen ka mete adrès mwen ajou ak IRS?
Adrès ou te anrejistre a ap mete ajou otomatikman pou l rive nan adrès ki parèt sou dènye deklarasyon ou te ranpli a. Si ou te demenaje apre ou te fin ranpli deklarasyon an, mete adrès ou ajou ak IRS lè w rele Liy Dirèk Dezas IRS la nan 1-866-562-5227, oswa lè w ranpli Fòm 8822 (an anglè) , Chanjman Adrès. Nou rekòmande tou pou w avize Biwo Lapòs ki sèvi ansyen adrès la.
K4: Ki fason ki pi rapid pou jwenn kopi deklarasyon enpo mwen yo ak transkripsyon mwen yo?
Ou ka wè, telechaje, epi enprime dosye enpo pèsonèl ak biznis ou sou entènèt imedyatman avèk yon Kont Entènèt Endividyèl oswa Biznis . Sèvis lapòs rapid disponib tou pou kontribyab yo oswa reprezantan otorize yo ki rele Liy Dirèk Dezas IRS la nan 1-866-562-5227 .
K5: Mwen se yon kontribyab endividyèl k ap ranpli Fòm 1040 epi mwen te pèdi bagay pèsonèl mwen akoz yon dezas ki deklare pa gouvènman federal la. Èske mwen ka dedwi pèt sa yo nan deklarasyon enpo sou revni federal mwen an?
Anjeneral, ou ka dedwi pèt nan kay ou, bagay nan kay ou, ak machin pèsonèl ou si pèt yo koze pa yon katastwòf ki deklare pa gouvènman federal la. Pou yo ka dedwi, pèt sa yo pa ka kouvri pa asirans oswa lòt ranbousman.
Pou plis detay sou kijan pou kalkile kantite pèt la, règ espesyal pou pèt dezas kalifye, moman dediksyon pèt la, ak kijan pou reklame pèt sa yo, gade Piblikasyon 547 (an anglè) , Aksidan, Dezas, ak Vòl ; Piblikasyon 584 (an anglè) , Manyèl Travay Pèt Aksidan, Dezas, ak Vòl ; ak Fòm 4684 (an anglè) , Aksidan ak Vòl yo - epi li enstriksyon yo.
K6: Ki fason ki pi rapid pou m jwenn ranbousman m lan?
Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman se pou ranpli deklarasyon w elektwonikman epi chwazi depo dirèk. Si w bezwen modifye yon deklarasyon ane pase, ou ka souvan ranpli l elektwonikman lè w sèvi ak yon preparatè enpo peye, yon lojisyèl enpo, oswa yon sèvis preparasyon enpo sou entènèt.
K7: Mwen te resevwa peman pou sekou nan katastwòf. Èske yo taksab?
Anjeneral, non. Peman sekou kalifye pou katastwòf yo jeneralman eskli nan revni brit la. An jeneral, sa vle di ou ka eskli nan revni brit la montan ou resevwa pou depans pèsonèl, familyal, pou viv oswa fineray ki rezonab ak nesesè, ansanm ak pou reparasyon oswa reyabilitasyon kay ou, oswa pou reparasyon oswa ranplasman sa ki ladan l. Gade Piblikasyon 525 (an anglè), Revni Taksab ak Revni ki Pa Taksab pou plis detay pou detèmine si peman ou te resevwa yo se peman sekou kalifye pou katastwòf.
K8: Èske mwen ka pran yon distribisyon oswa yon prè nan fon retrèt mwen an (yo) si rezidans prensipal mwen an nan yon zòn katastwòf ki kalifye epi mwen te sibi yon pèt ekonomik akoz katastwòf ki kalifye a?
Seksyon 331 nan SECURE 2.0 pèmèt opsyon distribisyon elaji ak tretman fiskal favorab pou jiska $22 000 nan distribisyon rekiperasyon apre katastwòf kalifye anrapò ak yon dezas kalifye ansanm ak yon limit ogmante sou kantite lajan yon moun kalifye ka prete anba yon plan retrèt kalifye. Gade Plan retrèt ak IRA anba Lwa SECURE 2.0, 2022 a (an anglè) pou plis enfòmasyon.
Òdonans Egzekitif 14224, ki deziyen lang angle kòm lang ofisyèl Etazini, deklare ke lang angle se lang ofisyèl Etazini. Kidonk, tout vèsyon angle dokiman yo se vèsyon otorite tout enfòmasyon federal yo.
Publication 3067 (ht) (Rev. 2-2026) Catalog Number 94294O Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov