Skip to content

Federal housing law

0117 Publ 1546-EZ (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/p1546ezh.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


Haitian Creole

Sèvis pou kontribyab

Nou la pou ede w

Sèvis ki reprezante kontribyab ( Taxpayer Advocate Service - TAS) la se yon òganizasyon endepandan ki anndan direksyon enpo Internal Revenue Service (IRS). Nou pwoteje dwa kontribyab yo, epi nou veye pou tout moun sa yo (sa vle di moun ki gen pou peye taks nan leta oubyen nan gouvènman) resevwa yon tretman san patipri, epi pou yo konnen epi konprann dwa yo anba deklarasyon dwa kontribyab yo .

Kòm yon kontribyab kisa mwen kapab atann de reprezantan mwen an?

Nou kapab ede ou rezoud pwoblèm ou si ou pa kapab rezoud yo ou menm avèk IRS. Se pou ou toujou eseye rezoud pwoblèm ou avèk IRS avan. Men si ou pa reyisi rezoud pwoblèm nan, vin kote reprezantan kontribyab la. Pi bon bagay ou kapab fè se aji san pèdi tan!

Ki Dwa mwen genyen kòm yon kontribyab?

IRS te mete an plas sa li rele yon deklarasyon dwa pou kontribyab pou pwoteje dwa tout moun sa yo yo lè yo gen kontak avèk IRS. Ou menm avèk tout kontribyab yo genyen:

• Dwa pou ou resevwa bonjan enfòmasyon • Dwa pou ou resevwa bon kalite sèvis • Dwa pou ou pa peye plis pase montan korèk sou taks ou • Dwa pou ou konteste pozisyon IRS la epi pou ou gen yon odyans • Dwa pou ou fè apèl (oubyen di ou pa dakò) kont yon Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan • Dwa pou pwoblèm lan rezoud • Dwa pou respè vi prive ou • Dwa pou konfidansyalite • Dwa pou ou pran yon avoka • Dwa pou yon sistèm enpo ki jis epi ki pa gen patipri

Vizite sit taxpayeradvocate.irs.gov pou plis enfòmasyon sou dwa sa yo, ki sans yo genyen pou ou, epi ki rapò yo genyen avèk sityasyon ou kapab rankontre ou menm nan rapò ou genyen ak IRS.

VWA PA W LA NAN IRS

Kilè pou ou Vin bò kote Nou Eseye rezoud pwoblèm ou genyen avèk IRS. Men si ou pa kapab fè sa, eben, vin bò kote nou. TAS la kapab ede ou si: • Pwoblèm ou genyen an ap bay tèt chaje nan afè lajan pou oumenm, pou fanmi ou oubyen pou biznis ou. • Oumenm (oubyen biznis ou) anba menas dirèk yon mezi ki negatif epi ki pa bon pou ou. • Ou te eseye kontakte IRS plizyè fwa, men pèsòn pat reponn ou, oubyen IRS pat reponn ou nan dat li te pwomèt pou fè l la.

Si ou kalifye pou resevwa asistans nou, ou ap gen yon reprezantan ki pral travay sou dosye ou la ak ou, epi li ap la ak ou nan tout pwosesis la. Reprezantan ou la ap koute ou, ede ou konprann kisa ki gen pou fèt, epi rete avèk ou jiskaske pwoblèm ou an rezoud. Sèvis sa a gratis .

Kijan pou ou kontakte reprezantan kontribyab yo Si ou panse TAS (Taxpayer Advocate Service ) kapab ede ou, rele reprezantan lokal ou a, ki gen nimewo telefòn li nan anyè lokal ou a oubyen ale sou sit entènèt taxpayeradvocate.irs.gov . Ou kapab tou : • Rele nou nan nimewo 1-877-777-4778 . • Ranpli Fòmilè IRS 911, mande reprezantan kontribyab yo pou yo ba ou asistans yon reprezantan ki rele Taxpayer Advocate Service Assistance (And Application for Taxpayer Assistance Order) . Ou kapab tou mande yon anplwaye IRS (fas a fas oubyen nan telefòn) pou ranpli fòmilè a pou ou.

Ki lòt fason sèvis reprezantan kontribyab yo ka bay asistans? • Rezoud pwoblèm ki gen nan sistèm lan: Nou travay pou repare gwo defo nan sistèm lan menm, epi ki lakòz pwoblèm e pou moun k app eye taks yo e pou anplwaye IRS yo tou. Ale nan sit irs.gov/sams .

• Klas oubyen sesyon an gwoup pou kontribyab men ki pa fè gwo lajan: Klas oubyen sesyon an gwoup yo founi sèvis bay moun ki gen revni ki piti anpil (oubyen ki pa fè gwo lajan) sètadi lajan yo fè a pi ba pase sa yon moun ta sipoze fè, epi ki bezwen rezoud pwoblèm taks, tankou odit, apèl epi kontansye nan rekouvreman enpo. Klas oubyen sesyon an gwoup sa yo kapab bay enfòmasyon sou dwa ak responsabilite kontribyab yo genyen an plizyè lang pou moun Anglè se pa lang natif natal yo. Pou ou kapab jwenn yon Klas oubyen sesyon an gwoup nan zòn ou, vizite sit entènèt irs.gov/litc oubyen IRS Publication 4134, Low Income Taxpayer Clinic List.

• Gwoup moun ki la pou ede kontribyab yo: Eske ou gen yon pwopozisyon sou fason pou ede amelyore IRS men ou pa konn ki moun pou ou kontakte? Gen yon gwoup moun ki la pou chita tande kontribyab yo, li idantifye kesyon ki enterese kontribyab yo, epi li fè pwopozisyon pou amelyore sèvis IRS, epi bay kliyantèl la pi bon satisfaksyon. Ale nan sit improveirs.org .

Pou plis enfòmasyon sou TAS la, silvouplè vizite taxpayeradvocate.irs.gov .

VWA PA W LA NAN IRS

Publication 1546EZ (HT) (Rev. 1-2017) Catalog Number 54854A Department of the Treasury Internal Revenue Service www.irs.gov

Exceptions & meaning →

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.