Skip to content

Federal housing law

1025 Form 15080 (ht) (PDF)

Federal housing law as enacted — verbatim and citable.

Edition
2026-10-03
Last updated
2026-10-04
Jurisdiction
United States

Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/f15080ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).


Fòmilè 15080

(Oktòb 2025)

Department of the Treasury - Internal Revenue Service

Exceptions & meaning →

Konsantman pou Deklare Enfòmasyon ki nan Deklarasyon Enpo bay Sit Preparasyon Enpo…

Deklarasyon Federal: Lwa federal la mande pou yo ba w fòmilè konsantman sa a. Sof si lalwa otorize sa, nou pa ka pataje enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo w yo bay pèsonn pou okenn lòt rezon eksepte pou preparasyon ak soumisyon deklarasyon enpo w la san konsantman w. Si w dakò pou yo divilge enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la, lwa Federal la ka pa pwoteje enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la kont itilizasyon oswa distribisyon alavni.

Ou pa oblije ranpli fòmilè sa a pou w benefisye sèvis preparasyon deklarasyon enpo nou yo. Si ou siyen fòmilè sa a akòz nou mete sèvis preparasyon deklarasyon enpo nou yo kòm kondisyon pou nou jwenn konsantman w, konsantman w lan p ap valab. Si w dakò pou yo divilge enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la, konsantman w lan ap valab pou kantite tan ou presize a. Si w pa presize dire konsantman w lan, konsantman w lan ap valab pou yon ane apati dat ou te siyen an.

Kondisyon: Global Carry Forward ki gen done yo pèmèt TaxSlayer LLC, ki se founisè lojisyèl enpo VITA/TCE a, pou mete enfòmasyon sou deklarasyon enpo w yo disponib pou TOUT sit volontè ki ap patisipe nan pwogram VITA/TCE IRS la ou chwazi pou prepare yon deklarasyon enpo nan pwochen sezon deklarasyon an. Sa vle di lòt ane w ap kapab ale sou nenpòt sit volontè k ap itilize TaxSlayer epi w ap jwenn enfòmasyon enpo w yo tou anrejistre avèk done pou ane aktyèl la, kèlkeswa kote w te soumèt deklarasyon enpo w la nan ane sa a. Konsantman sa a valab jiska 30 novanm 2027.

Enfòmasyon sou deklarasyon enpo w yo pral divilge yo gen ladan yo, men pa sèlman, enfòmasyon demografik, finansye ak lòt enfòmasyon ki ka idantifye w, deklarasyon enpo w la ak sous revni w yo, ke yo te mete nan lojisyèl pou preparasyon enpo a pou yo te kapab trete preparasyon deklarasyon enpo w la. Enfòmasyon sa yo gen ladan yo non w, adrès ou, dat nesans ou, nimewo telefòn ou, SSN, kondisyon fiskal ou, pwofesyon w, non patwon w ak adrès li, ansanm ak montan ak sous revni, dediksyon ak kredi yo te reklame nan deklarasyon enpo w la oswa ki enkli nan deklarasyon enpo w la. Enfòmasyon sou deklarasyon enpo ke yo pral divilge a gen ladan l tou, SSN, dat nesans ak relasyon w genyen ak nenpòt moun ki sou responsablite w ke yo te reklame nan deklarasyon enpo w la.

Ou pa bezwen bay konsantman pou patnè VITA/TCE k ap prepare deklarasyon enpo w la ane sa a. Global Carry Forward pral ede w sèlman si w vizite yon lòt patnè VITA oswa patnè TCE ane pwochèn ki itilize TaxSlayer.

Limit sou Dire Konsantman an: Mwen/nou, kontribyab la, pa vle limite dire konsantman deklarasyon enfòmasyon sou deklarasyon enpo a nan yon dat ki pi bonè pase dat ki dekri anlè a (30 novanm 2027). Si mwen/nou vle limite dire konsantman divilgasyon an nan yon dat ki pi bonè, mwen/nou ap refize bay konsantman.

Limit sou sa Konsantman an Kouvri: Mwen/nou, kontribyab la, pa vle limite sa konsantman divilgasyon enfòmasyon sou deklarasyon enpo a kouvri plis pase sa ki prezante pi wo a. Si mwen/nou vle limite sa konsantman divilgasyon an kouvri plis pase sa ki prezante pi wo a, mwen/nou ap refize bay konsantman.

Konsantman: Mwen/nou, kontribyab la, te li enfòmasyon ki anlè a.

Mwen/nou, ak fòmilè sa a dakò pou yo pataje enfòmasyon sou deklarasyon enpo ki dekri nan kondisyon Global Carry Forward ki anlè a, epi pèmèt moun k ap prepare deklarasyon enpo a antre yon PIN nan lojisyèl pou preparasyon enpo a sou non mwen pou verifye ke mwen/nou dakò ak kondisyon ki nan deklarasyon sa a.

Non kontribyab prensipal la ekri ak lèt detache ak siyati li Dat

Non dezyèm kontribyab la ekri ak lèt detache ak siyati li Dat

Si w kwè ke yo te divilge oswa itilize enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la enjisteman nan yon fason lalwa pa otorize oswa san konsantman w, ou kapab kontakte Treasury Inspector General for Tax Administration [Enspèkte Jeneral Trezò a pou Administrasyon Enpo] (TIGTA) nan telefòn nan 1-800-366-4484.

Catalog Number 71520F www.irs.gov Form 15080 (ht) (Rev. 10-2025)

Exceptions & meaning →

GoCodebook provides public access, search, citation, multilingual explanation, and practical interpretation of legally adopted building regulations. It is not a substitute for the official ICC or California code publications.