Federal housing law
1123 Form 14446 (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/f14446ht.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
Fòm 14446¶
(Novanm 2023)
Department of the Treasury - Internal Revenue Service
Konsantman Kontribyab pou VITA/TCE Vityèl¶
Fòm sa a obligatwa lè gen yon pati nan pwosesis preparasyon deklarasyon enpo a ki fèt san pa genyen entèraksyon an pèsonn ant kontribyab la ak volontè VITA/TCE a. Sit la dwe eksplike kontribyab la pwosesis yo pral itilize pou prepare deklarasyon enpo li an. Lè sa nesesè, yo dwe enfòme kontribyab la sou tout pwosedi yo ak risk ki genyen lè enfòmasyon pèsonèl yo ap transfere soti nan yon sit pou ale nan yon lòt.
Pati I - Se sit VITA/TCE a ki pou ranpli li:
Non sit la
Adrès sit la (Ri, Vil, Eta, zip kòd)
Nimewo idantifikasyon sit la (SIDN) Non kowòdonatè sit la
Non kontak sit la Nimewo telefòn kontak sit la
Sit sa itilize metòd Vityèl VITA/TCE sa (yo) pou prepare deklarasyon enpo ou:
A. Sit pou depoze dosye.: Sit sa sèvi ak yon pwosesis pou depoze dosye kote sit la kenbe enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye
moun (nimewo sekirite sosyal, Fòm W-2, elatriye) pou prepare deklarasyon enpo a sou menm sit la men nan yon dat ki pi lwen. Nan pwosesis sa a, wap gen pou retounen sou menm sit la pou verifye kalite deklarasyon enpo a ak/oswa pou siyen l lè li fin prepare. Sit la dwe eksplike ki metod l ap itilize pou kontakte ou si gen nesesite pou enfomasyon adisyonel.
Remak : Sit kote kontribyab la pa kite espas sit la, pa ekzanp li ka chita ap tann nan yon lòt sal, oswa nan yon machin; yo pa konsidere sit sa yo tankou sit pou depoze dosye. Pliske kontribyab la rete sou sit la, li pap gen ekzijans pou li ranpli Fòm 14446. Si kontribyab la kite dokiman fiskal li yo sou sit la epi li kite espas sit la pou nenpòt ki rezon, kontribyab la dwe ranpli Fòm 14446.
B. Sit pou kolekte dosye: Nan metòd sa kontribyab la kite enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye l (nimewo sekirite sosyal, Fòm
W-2, ak lot dokiman) nan sit la pou prepare ak/oswa verifye kalite deklarasyon enpo a nan yon lòt lokal. Nan pwosesis sa yo kapab voye deklarasyon enpo kontribyab la nan yon lòt lokal pou youn oswa plizyè nan rezon sa yo; pou fè entèvyou ak kontribyab la, prepare deklarasyon enpo ak/oswa verifye kalite deklarasyon an. Kontribyab la kapab retounen sou sit la pou verifikasyon kalite a oswa pou revize ak siyen deklarasyon enpo a lè li fin prepare.
C. Sit Preparasyon deklarasyon enpo ak/oswa Sit Verifikasyon Kalite Sèlman: Sit sa kapab resevwa deklarasyon yo nan
men youn oswa plizyè sit pou prepare ak/oswa verifye kalite deklarasyon yo. Sit sa pa resevwa oswa pran randevou ak lòt kontribyab nan lokal yo jeneralman.
D. Sit Konbine: Sit sa prepare deklarasyon pou lòt sit koleksyon done pemanan oswa pwovizwa epi li asiste kontribyab ki vini san
randevou selman nan lokal yo a.
E. Pwosesis 100% Vityèl VITA/TCE a: Metòd sa pa gen ladan rapò fas a fas ak kontribyab la ni ak okenn volontè VITA/TCE
pandan depo dosye yo, entèvyou, preparasyon deklarasyon, revizyon kalite, ak siyen deklarasyon yo. Sit la dwe eksplike pwosesis la epi li dwe bay konsantman. Sa gen ladan l pwosedi vityèl pou voye dokiman yo egzije yo (nimewo sekirite sosyal, Fòm W-2 ak lòt dokiman) bay yon volontè ke yo chwazi pou fè revizyon atravè yon sistèm pataj dokiman ki sekirize.
Catalog Number 68078M www.irs.gov Form 14446 (ht) (Rev. 11-2023)
Paj 2
Pati II: Pwosesis Sit yo:
Eksplike kijan yo pral swiv chak pwosesis pou ede kontribyab la adistans. Kesyon ki nan parantèz anba yo bay konsèy sou sa pou w mete nan eksplikasyon pou chak pwosesis. Kijan sit la pral òganize sa:
Pran yon randevou Kijan yo fè randevou yo: pa telefòn, potay anliy, imèl, oswa lòt fason)
Jwenn Akò Konsantman Kontribyab la (Kijan yo siyen, resevwa epi estoke 14446 la)
Reyalize Pwosesis Kolèk Dosye yo (Kijan yo resevwa, estoke ak fe swivi sou dokiman sipò kontribyab la)
Valide Idantite Kontribyab la analize foto idantifikasyon ak kat Sekirite Sosyal/lèt ITIN yo (Ki metòd kominikasyon, swa an pèsòn oswa vityèl, yo itilize pou valide idantite kontribyab la ak ki dokiman yo revize)
Fè entèvyou ak kontribyab la (yo) (Ki metòd kominikasyon, swa an pèsòn oswa vityèl, yo itilize pou fè entèvyou a)
Prepare deklarasyon enpo a (Ki kote yo te prepare deklarasyon enpo a ak kijan preparatè a jwenn aksè ak dokiman yo)
Kominike ak kontribyab la (Sit la dwe ekplike metòd (yo) li itilize pou kontakte kontribyab la si gen plis enfòmasyon ki nesesè)
Fè analiz kalite a (Kote yo revize deklarasyon enpo a ak kijan evalyatè a jwenn aksè ak dokiman yo)
Pataje deklarasyon ki ranpli a (Ki metòd kominikasyon, an pèsòn oswa vityèl, yo itilize pou pataje deklarasyon ki ranpli a epi kijan volontè a ak/oswa kontribyab la jwenn aksè sk deklarasyon ki ranpli a)
Siyen deklarasyon an (Èske kontribyab yo siyen deklarasyon an, an pèsòn oswa elektwonikman epi si se elektwonikman, ki lojisyèl yo itilize pou siyen deklarasyon an)
Soumèt deklarasyon enpo a elektwonikman (Kilè yo soumèt deklarasyon an elektwonik lan: imedyatman oswa nan fen jounen an)
Catalog Number 68078M www.irs.gov Form 14446 (ht) (Rev. 11-2023)
Paj 3
Paj twa (3) nan fòm sa ap rete nan sit la ak tout lòt dokiman yo egzije yo.
Pati III: Konsantman Kontribyab la:
Demann pou Verifye Deklarasyon Enpo ou pou verifye si tout enfòmasyon yo Kòrèk:
Pou ou resevwa bon kalite sèvis epi yon deklarasyon enpo ki prepare korèkteman nan sit volontè a, anplwaye IRS yo chwazi kèk nan sit preparasyon enpo gratis yo o aza pou evalye yo. Si yo idantifye oswa jwenn erè, sit la ap fè koreksyon ki nesesè yo. IRS p ap kenbe okenn enfòmasyon pèsonèl ki nan deklarasyon enpo ou aprè li fin verifye li epi sa ap pèmèt yo evalye pwogram preparasyon deklarasyon VITA/TCE nou an pou deklarasyon enpo yo prepare korèkteman. Si ou pa swete deklarasyon enpo w lan antre nan pwosesis verifikasyon an, sa pap afekte sèvis ou resevwa nan sit sa a. Si yo chwazi sit ki prepare deklarasyon sa a, èske w ap bay konsantman ou pou yon anplwaye IRS evalye deklarasyon enpo ou an pou wè si li kòrèk?
Wi Non
Deklarasyon Konsantman Vityèl:
Si ou dakò pou yo prepare deklarasyon enpo ou ak trete dokiman enpo ou nan fason ki dekri anwo a, siyati ou obligatwa sou dokiman sa a. Lè ou siyen dokiman sa a, sa vle di ou dakò ak pwosedi ki eksplike anwo yo pou prepare deklarasyon enpo pou ou (si sa se yon deklarasyon Konjwen Moun Marye, se pou mari ak madanm siyen epi date dokiman sa a). Si ou chwazi pou ou pa siyen fòm sa a, nou ka pa an mezi pou nou prepare deklarasyon enpo ou a atravè pwosesis sa. Etan done nap prepare deklarasyon enpo ou a de fason vityèl, nou dwe jwenn konsantman w ke ou dakò ak pwosesis sa. Si w bay konsantman pou itilize sistèm IRS ki pa vityèl yo pou bay oswa pataje enfòmasyon sou deklarasyon enpo ou yo, lalwa federal kapab pa ka pwoteje enfòmayon deklarasyon enpo ou yo kont lòt divilgasyon ak lòt itilizasyon si tout fwa yo ta pirate oswa ta gen yon brèch nan sistèm nan san ke nou pa konnen. Si ou dakò pou pataj enfòmasyon deklarasyon enpo ou yo, konsantman ou valid pou kantite tan ou presize a. Si ou pa presize dire tan konsantman w lan, lap valid pou yon lane a pati dat ou siyen an. Si ou kwè enfòmasyon deklarasyon enpo ou yo te pataje oswa itilize nan yon fason ki pa apwopriye ke lalwa pa otorize oswa san pèmisyon w, ou kapab kontakte Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Taks (TIGTA) pa telefòn nan 1-800-366-44-84, oswa pa imèl nan complaints@tigta.treas.gov. Byenke IRS responsab pou bay siveyans sou pwogram Asistans Volontè Deklarasyon sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) ak Konsèy sou Taks pou Moun ki Aje (Tax
| Counseling for the Elderly,TCE), se sit ki gen patenarya ak IRS yo ki jere estanda etik pou volontè yo ak egzijans fonksyònman yo. Anplis, lokal sit sa yo ka pa nan oswa sou Pwopriyete federal. | ki | genyen n | nan | n | |||
|---|---|---|---|---|---|---|---|
| Mwen dakò pou mwen itilize Pwosesis Vityèl VITA/ |
Mwen dakò pou mwen itilize Pwosesis Vityèl VITA/ |
Mwen dakò pou mwen itilize Pwosesis Vityèl VITA/ |
Mwen dakò pou mwen itilize Pwosesis Vityèl VITA/ |
Wi | Non | ||
Non |
Non |
Non (mari/ |
Non (mari/ |
Non (mari/ |
Non (mari/ |
Non (mari/ |
Non (mari/ |
| Dat nesans | Dat | Dat nesans | Dat | Dat | Dat | Dat | Dat |
| Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn | Nimewo Telefòn |
| Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl | Adrès imèl |
| Siyati Elektwonik (elektwonik) OSWA SIGN |
|||||||
| Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Siyati (tape/ |
Catalog Number 68078M www.irs.gov Form 14446 (ht) (Rev. 11-2023)