Federal housing law
1025 Form 13614-C (ht) (PDF)
Federal housing law as enacted — verbatim and citable.
- Edition
- 2026-10-03
- Last updated
- 2026-10-04
- Jurisdiction
- United States
Official source: IRS Forms, Instructions & Publications (https://www.irs.gov/pub/irs-pdf/f13614ch.pdf), retrieved 2026-10-03. U.S. Government work (17 U.S.C. § 105).
Fòm 13614-C¶
(Oktòb 2025)
Department of the Treasury - Internal Revenue Service
Feyè enfòmasyon preliminè/entèvyou ak kontwòl travay ki fèt la¶
OMB Number
1545-1964
W ap bezwen:
Dokiman enpo tankou Fòm W-2, 1099, 1098, 1095.
Kat Sekirite Sosyal oswa lèt ITIN pou tout moun ki sou deklarasyon enpo ou a.
Pyès ID ki gen foto (tankou lisans pou kondwi ki valab) pou ou ak pou konjwen w.
Ranpli paj 1-5 nan fòm sa a.
Ou responsab enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo w. Bay enfòmasyon ki konplè e ki egzak.
Si w gen kesyon, tanpri mande yon preparatè volontè IRS-sètifye.
Yo Fòme volontè yo pou bay sèvis bon kalite e yo pratike prensip etik pi wo nivo yo. Pou rapòte konpòtman malonèt bay IRS, ekri nou nan adrès imel ts.voltax@irs.gov
Yon sitwayen Ameriken Ou Konjwen Non Enfim totalman e an pèmanans Ou Konjwen Non Nan peyi Etazini avèk yon viza Ou Konjwen Non Gen yon PIN pwoteksyon idantite (IPPIN) Ou Konjwen Non Yon etidyan aplentan Ou Konjwen Non Posede oswa kontwole byen dijital Ou Konjwen Non
Ki lang
Èske w, oswa konjwen w, si w marye epi ranpli ansanm, ta renmen $3 ale nan Fon Kanpay Eleksyon Prezidansyèl Ou Konjwen Non Ki eta sivil ou nan dat 31 desanm 2025
Pa Janm Marye Marye Si ou marye, èske ou te marye nan dènye jou nan ane a Wi Non
Èske ou menm ak mari oswa madanm ou te viv separe pandan tout 6 dènye mwa nan ane a Wi Non Divòse Separe legalman men pa Divòse Vèf / Vèv Dat legal divòs la Dat legal dokiman separasyon an Ane lanmò konjwen w
Separe legalman men pa Divòse Dat legal dokiman separasyon an
Vèf / Vèv Ane lanmò konjwen w
Paj 2
Revni: Reponn kesyon ki sou bò goch paj sa a. Tcheke sèlman bwat ki aplike avè w ak/oswa a konjwen w.
Paj 3
Depans ak Aktivite ki gen rapò ak Enpo: Reponn kesyon ki sou bò goch paj sa a. Tcheke sèlman bwat ki aplike avè w ak/oswa a konjwen w.
Paj 4
Enfòmasyon ki Pa Obligatwa
Enfòmasyon sa yo se pou rezon estatistik sèlman. Repons ou pou kesyon sa yo pa fè pati deklarasyon enpo w e yo pa transmèt yo bay IRS anèk deklarasyon enpo w la. Ou pa oblije reponn kesyon sa yo.
1. Èske w ta di ou ka kontinye yon kòvèsasyon an anglè Trè byen Byen Pa byen Pa ditou Prefere pa reponn
2. Èske w ta di ou ka li yon jounal an anglè Trè byen Byen Pa byen Pa ditou Prefere pa reponn
3. Èske oumenm oswa nenpòt moun nan kay ou a gen yon enfimite Wi Non Prefere pa reponn
4. Èske ou menm oswa konjwen w se yon Veteran Lame Ameriken Wi Non Prefere pa reponn
Avi Lwa sou Konfidansyalite ak Lwa Rediksyon Dokiman
N ou mande enfòmasyon sa yo pou w ka patisipe nan pwogram Asistans Volontè Enpo sou Revni (VITA) ak Konsèy Enpo pou Granmoun Aje (TCE) ki ofri volontè preparatè enpo IRS sètifye pou ede yo fè prepare deklarasyon senp pou moun ki kalifye. Otorite ki pèmèt IRS kolekte enfòmasyon sa yo se 5 U.S.C. seksyon 301 ak 26 U.S.C. seksyon 7801. Yo ka divilge enfòmasyon ou bay yo bay lòt moun ki kowòdone anplwaye VITA/TCE, kontak, ak lòt aktivite ki gen rapò ak VITA/TCE. IRS ka sèlman divilge enfòmasyon sou deklarasyon w lan jan 26 U.S.C. seksyon 6103 pèmèt sa. Tout lòt dosye yo ka divilge sèlman pou rezon IRS konsidere konpatib ak objektif pou IRS kolekte dosye, epi ki konsistan avèk nenpòt woutin divilgasyon ki dekri nan System of Record Notice (SORN) Treasury/IRS 24.030, Customer Account Data Engine (CADE) Individual Master File (IMF). Ou ka wè Treasury/IRS SORNs sou sitwèb Treasury SORN nan Treasury.gov/System of Records Notices (SORNs). Bay enfòmasyon sa yo volontè, sepandan, si ou pa bay enfòmasyon yo mande yo volontè IRS yo ka pa kapab ede w prepare epi ranpli deklarasyon enpo w.
Lwa sou Rediksyon dokiman an egzije pou IRS montre yon nimewo kontwòl OMB sou tout demann enfòmasyon piblik yo. Nimewo Kontwòl OMB pou etid sa a se 1545-1964. Epitou, si w gen nenpòt kòmantè konsènan estimasyon tan ki asosye ak etid sa a oswa sijesyon sou fè pwosesis sa a pi senp, tanpri ekri nou nan Internal Revenue Service, Tax Products Coordinating Committee, SE:TS:CAR:MP:T:T:SP, 1111 Constitution Ave. NW, Washington, DC 20224.
Catalog Number 58971A www.irs.gov Form 13614-C (ht) (Rev. 10-2025)
Paj 5
Lòt Nòt/Remak
Catalog Number 58971A www.irs.gov Form 13614-C (ht) (Rev. 10-2025)
Fòmilè 15080¶
(Oktòb 2025)
Department of the Treasury - Internal Revenue Service
Konsantman pou Deklare Enfòmasyon ki nan Deklarasyon Enpo bay Sit Preparasyon Enpo…¶
Deklarasyon Federal: Lwa federal la mande pou yo ba w fòmilè konsantman sa a. Sof si lalwa otorize sa, nou pa ka pataje enfòmasyon ki nan deklarasyon enpo w yo bay pèsonn pou okenn lòt rezon eksepte pou preparasyon ak soumisyon deklarasyon enpo w la san konsantman w. Si w dakò pou yo divilge enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la, lwa Federal la ka pa pwoteje enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la kont itilizasyon oswa distribisyon alavni.
Ou pa oblije ranpli fòmilè sa a pou w benefisye sèvis preparasyon deklarasyon enpo nou yo. Si ou siyen fòmilè sa a akòz nou mete sèvis preparasyon deklarasyon enpo nou yo kòm kondisyon pou nou jwenn konsantman w, konsantman w lan p ap valab. Si w dakò pou yo divilge enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la, konsantman w lan ap valab pou kantite tan ou presize a. Si w pa presize dire konsantman w lan, konsantman w lan ap valab pou yon ane apati dat ou te siyen an.
Kondisyon: Global Carry Forward ki gen done yo pèmèt TaxSlayer LLC, ki se founisè lojisyèl enpo VITA/TCE a, pou mete enfòmasyon sou deklarasyon enpo w yo disponib pou TOUT sit volontè ki ap patisipe nan pwogram VITA/TCE IRS la ou chwazi pou prepare yon deklarasyon enpo nan pwochen sezon deklarasyon an. Sa vle di lòt ane w ap kapab ale sou nenpòt sit volontè k ap itilize TaxSlayer epi w ap jwenn enfòmasyon enpo w yo tou anrejistre avèk done pou ane aktyèl la, kèlkeswa kote w te soumèt deklarasyon enpo w la nan ane sa a. Konsantman sa a valab jiska 30 novanm 2027.
Enfòmasyon sou deklarasyon enpo w yo pral divilge yo gen ladan yo, men pa sèlman, enfòmasyon demografik, finansye ak lòt enfòmasyon ki ka idantifye w, deklarasyon enpo w la ak sous revni w yo, ke yo te mete nan lojisyèl pou preparasyon enpo a pou yo te kapab trete preparasyon deklarasyon enpo w la. Enfòmasyon sa yo gen ladan yo non w, adrès ou, dat nesans ou, nimewo telefòn ou, SSN, kondisyon fiskal ou, pwofesyon w, non patwon w ak adrès li, ansanm ak montan ak sous revni, dediksyon ak kredi yo te reklame nan deklarasyon enpo w la oswa ki enkli nan deklarasyon enpo w la. Enfòmasyon sou deklarasyon enpo ke yo pral divilge a gen ladan l tou, SSN, dat nesans ak relasyon w genyen ak nenpòt moun ki sou responsablite w ke yo te reklame nan deklarasyon enpo w la.
Ou pa bezwen bay konsantman pou patnè VITA/TCE k ap prepare deklarasyon enpo w la ane sa a. Global Carry Forward pral ede w sèlman si w vizite yon lòt patnè VITA oswa patnè TCE ane pwochèn ki itilize TaxSlayer.
Limit sou Dire Konsantman an: Mwen/nou, kontribyab la, pa vle limite dire konsantman deklarasyon enfòmasyon sou deklarasyon enpo a nan yon dat ki pi bonè pase dat ki dekri anlè a (30 novanm 2027). Si mwen/nou vle limite dire konsantman divilgasyon an nan yon dat ki pi bonè, mwen/nou ap refize bay konsantman.
Limit sou sa Konsantman an Kouvri: Mwen/nou, kontribyab la, pa vle limite sa konsantman divilgasyon enfòmasyon sou deklarasyon enpo a kouvri plis pase sa ki prezante pi wo a. Si mwen/nou vle limite sa konsantman divilgasyon an kouvri plis pase sa ki prezante pi wo a, mwen/nou ap refize bay konsantman.
Konsantman: Mwen/nou, kontribyab la, te li enfòmasyon ki anlè a.
Mwen/nou, ak fòmilè sa a dakò pou yo pataje enfòmasyon sou deklarasyon enpo ki dekri nan kondisyon Global Carry Forward ki anlè a, epi pèmèt moun k ap prepare deklarasyon enpo a antre yon PIN nan lojisyèl pou preparasyon enpo a sou non mwen pou verifye ke mwen/nou dakò ak kondisyon ki nan deklarasyon sa a.
Non kontribyab prensipal la ekri ak lèt detache ak siyati li Dat
Non dezyèm kontribyab la ekri ak lèt detache ak siyati li Dat
Si w kwè ke yo te divilge oswa itilize enfòmasyon sou deklarasyon enpo w la enjisteman nan yon fason lalwa pa otorize oswa san konsantman w, ou kapab kontakte Treasury Inspector General for Tax Administration [Enspèkte Jeneral Trezò a pou Administrasyon Enpo] (TIGTA) nan telefòn nan 1-800-366-4484.
Catalog Number 71520F www.irs.gov Form 15080 (ht) (Rev. 10-2025)